Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou poze kesyon e lè nou koute
1 Pifò moun renmen eksprime pwennvi yo, men yo pa renmen lè moun vin dikte yo sa pou yo fè, ni lè y ap plede poze yo kesyon. Se sa k fè, antanke minis kretyen, nou bezwen aprann vin maton nan itilize kesyon pou nou konn pwennvi moun yo. — Pwo. 20:5.
2 Kesyon n ap poze yo pa dwe jennen moun yo, men yo dwe pouse yo reflechi. Gen yon frè, lè l ap preche kay an kay, li konn poze kesyon sa a : “ Èske w panse gen yon lè k ap rive kote moun ap trete youn lòt avèk diyite e avèk respè ? ” Selon repons yo ba li, li konn kontinye konsa : “ Ki sa w panse k ap nesesè pou sa rive fèt ? ” oswa li di : “ Poukisa w kwè sa ? ” Gen yon lòt frè, lè l ap bay temwayaj enfòmèl oswa l ap preche nan andwa piblik epi li rankontre ak yon moun ki gen pitit, li konn poze l kesyon sa a : “ Ki sa k fè w plis plezi antanke paran ? ” Apre sa, li mande : “ Ki sa ki plis okipe lespri w ? ” N ap remake kesyon sa yo, san yo pa jennen moun yo, yo pèmèt yo eksprime pwennvi yo. Piske sitiyasyon yo pa toujou menm, li ka nesesè pou nou adapte sijè nou yo ak fason nou poze kesyon yo pou yo ka apwopriye ak sitiyasyon moun nan tèritwa nou.
3 Chèche konn pwennvi moun yo : Si moun yo dispoze eksprime sa yo panse, koute yo avèk pasyans san w pa entèwonp yo san nesesite (Jak 1:19). Avèk jantiyès, teni kont de kòmantè yo fè (Kol. 4:6). Ou ka di senpleman : “ Sa w di a enteresan. Mwen byen kontan ou fè m konn pwennvi w. ” Felisite yo si w wè li posib pou w fè sa ak tout kè w. Avèk jantiyès, poze yo lòt kesyon pou w ka konnen sa yo panse e poukisa yo panse konsa. Chèche jwenn yon teren antant. Lè w vle atire atansyon yo sou yon vèsè, ou ka di : “ Èske w te janm konsidere posiblite sa a ? ” Veye pou w pa twò kategorik e pou w pa antre nan fè diskisyon. — 2 Tim. 2:24, 25.
4 Fason moun yo ap reponn kesyon nou yo pral depann anpil de fason nou koute. Moun yo ka wè si n ap koute yo vrèman. Gen yon siveyan itineran ki te fè remak sa a : “ Lè w montre ou dispoze koute moun yo avèk pasyans, sa a se yon gwo mwayen pou w atire moun e se yon bèl fason pou w demontre yon enterè sensè pou moun yo. ” Lè nou koute moun yo, nou onore yo, e sa ka pouse yo koute bon nouvèl n ap chèche ba yo a. — Wom. 12:10.