1) Kesyon, 2) vèsè, e 3) chapit
Yon fason senp pou w prezante liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a, se 1) poze yon kesyon pou w ankouraje moun nan di sa l panse, 2) li yon vèsè ki apwopriye, e 3) atire atansyon moun nan sou yon chapit nan liv la ki pale sou sijè a pandan w ap li kesyon entwodiksyon ki apre tit chapit la. Si moun nan montre li enterese, ou ka fè detwa paragraf ki nan kòmansman chapit la avè l pou w montre l ki jan yon etid biblik fèt. Nou ka sèvi ak metòd sa a pou nou kòmanse yon etid depi nan premye rankont lan oswa lè n ap revizite moun nan.
◼ “ Èske w panse li posib pou senp imen rive konnen Kreyatè toupisan nou an, jan Bib la di l la ? ” Li Travay 17:26, 27, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 1 an.
◼ “ Lè nou konsidere tout pwoblèm n ap fè fas jodi a, èske w panse li posib pou nou jwenn konsolasyon ak espwa yo dekri la a ? ” Li Women 15:4, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 2 a.
◼ “ Si w te gen pouvwa, èske w pa t ap fè chanjman sa yo ? ” Li Revelasyon 21:4, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 3 a.
◼ “ Èske w panse pitit nou yo ap janm kapab jwi kondisyon yo dekri nan sòm sa a ? ” Li Sòm 37:10, 11, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 3 a.
◼ “ Èske w panse ap janm gen yon jou kote pawòl sa yo ap akonpli ? ” Li Izayi 33:24, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 3 a.
◼ “ Èske w janm mande tèt ou si mò yo konnen sa moun ki vivan yo ap fè ? ” Kite moun nan reponn. Apre sa, li Eklezyas 9:5, epi atire atansyon l sou chapit 6 la.
◼ “ Èske w panse yon jou l ap posib pou nou rewè moun pa nou ki mouri, jan Jezi te di nan vèsè sa yo ? ” Li Jan 5:28, 29, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 7 la.
◼ “ Dapre ou menm, ki sa k ap nesesè pou volonte Bondye fèt sou tè a kou nan syèl la, jan sa mansyone nan priyè selèb sa a ? ” Li Matye 6:9, 10, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 8 la.
◼ “ Èske w panse n ap viv nan epòk pwofesi sa a dekri a ? ” Li 2 Timote 3:1-4, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 9 la.
◼ “ Anpil moun ap mande tèt yo poukisa pwoblèm lèzòm ap rankontre yo sanble ap vin pi mal de jou an jou. Èske w janm reflechi sou esplikasyon nou jwenn nan vèsè nou pral li la a ? ” Li Revelasyon 12:9, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 10 la.
◼ “ Èske w te janm enterese konnen repons yon kesyon tankou kesyon sa a ? ” Li Jòb 21:7, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 11 lan.
◼ “ Dapre ou menm, si moun yo ta aplike konsèy sa a Bib la bay la a, èske sa pa t ap ede yo gen yon lavi fanmi ki agreyab ? ” Li Efezyen 5:33, epi kite moun nan reponn. Apre sa, atire atansyon l sou chapit 14 la.
Nou ka remèt yon rapò pou yon etid nou kondui lè nou fè l de fwa apre nou te fin montre moun nan jan yon etid biblik fèt, e si nou santi se yon etid k ap kontinye.