Fason pou nou ofri liv Sa Labib anseye a
Paj mitan sa a gen yon seri sijesyon sou fason pou nou ofri liv Sa Labib anseye a. Pou nou jwenn pi bon rezilta, itilize yo ak pwòp mo pa nou, adapte metòd nou itilize a ak moun nan tèritwa a, epi chèche vin abitye avèk pwen ki nan liv la ki ka sèvi kòm baz pou konvèsasyon biblik. Nou ka sèvi tou ak lòt prezantasyon ki pratik pou tèritwa nou. — Gade Ministè Wayòm janvye 2005 lan, paj 8.
Amagedòn
◼ “ Gen anpil moun, lè yo tande pale de ‘ Amagedòn ’, yo panse se yon destriksyon kote moun pral mouri an mas. Èske w pa t ap sezi aprann Amagedòn, an reyalite, se yon evènman n ap tann ak kè kontan ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Revelasyon 16:14, 16.] Gade ki kòmantè ki fèt sou jan vi a pral ye apre Amagedòn. ” Ale nan paj 82-4, li paragraf 21 an.
Labib
◼ “ Byen souvan, moun yo pale de Bib la kòm Pawòl Bondye. Èske w janm mande tèt ou si yo gen dwa rele yon liv lèzòm ekri Pawòl Bondye ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 2 Pyè 1:21, epi li paragraf 5 ki nan paj 19 la.] Liv sa a ede nou wè repons Bib la bay konsènan kesyon sa yo. ” Montre kesyon ki nan paj 6 la.
◼ “ Jodi a, moun yo gen posiblite jwenn enfòmasyon plis pase nenpòt lòt epòk. Men, dapre ou menm, ki kote nou ka jwenn bonjan konsèy ki ka ede nou viv ak kè kontan e ki ka ede nou reyisi lavi nou ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 2 Timote 3:16, 17, epi li paragraf 12 ki nan paj 23 a.] Liv sa a esplike ki jan nou ka viv yon fason ki fè Bondye plezi e ki pwofitab pou nou. ” Montre tablo ak imaj ki nan paj 122-3 a.
Lanmò/Rezirèksyon
◼ “ Anpil moun ap mande tèt yo ki sa k rive toutbonvre lè nou mouri. Èske w panse li posib pou nou konnen ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Eklezyas 9:5, epi li paragraf 5-6 ki nan paj 58-9 la.] Liv sa a esplike tou ki sa pwomès rezirèksyon ki nan Bib la pral reprezante pou moun ki mouri yo. ” Montre imaj ki nan paj 75 lan.
◼ “ Lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, li natirèl pou nou anvi rewè moun sa a ankò. Ou pa dakò ? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun jwenn rekonfò nan pwomès Bib la fè konsènan rezirèksyon. [Li Jan 5:28, 29, epi li paragraf 16-17 ki nan paj 71-2 la.] Chapit sa a reponn kesyon sa yo tou. ” Montre moun nan kesyon entwodiksyon ki nan paj 66 la.
Lavi etènèl
◼ “ Pifò moun ta renmen viv an sante e yo ta renmen viv lontan. Men, si sa ta posib, èske w pa ta renmen viv pou toutan ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Revelasyon 21:3, 4, epi li paragraf 17 ki nan paj 54 la.] Liv sa a esplike ki jan nou ka jwenn lavi etènèl e ki jan vi a ap ye lè pwomès sa a ap vin yon reyalite. ”
Fanmi
◼ “ Nou tout, nou ta renmen gen yon lavi fanmi ki agreyab. Ou pa dakò ? [Kite moun nan reponn.] Gen yon bagay Bib la di pou chak moun nan yon fanmi fè pou yo kontribye pou fanmi an ka viv ak kè kontan : se pou yo imite Bondye nan montre lanmou. ” Li Efezyen 5:1, 2, epi li paragraf 4 ki nan paj 135 lan.
Lojman
◼ “ Gen anpil zòn, li vin pi difisil pou yon moun jwenn yon kote pou l viv ki konvnab e ki koresponn ak mwayen l. Èske w panse yon jou tout moun ap ka jwenn yon lojman ki kòrèk ? ” [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Izayi 65:21, 22, epi li paragraf 20 ki nan paj 34 la.] Liv sa a esplike ki jan pwomès sa a Bondye fè a pral reyalize.
Jewova Dye
◼ “ Anpil moun ki kwè nan Bondye ta renmen santi yo pi pwòch li. Èske w te konnen Labib envite nou pou nou pwoche bò kote Bondye ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jak 4:8a, epi li paragraf 20 ki nan paj 16 la.] Yo te prepare liv sa a pou ede moun yo aprann plis bagay konsènan Bondye, etan y ap sèvi ak pwòp bib yo. ” Montre moun nan kesyon entwodiksyon ki nan paj 8 la.
◼ “ Anpil moun ap priye pou non Bondye sangtifye. Èske w janm mande tèt ou ki non sa a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Sòm 83:18, epi li paragraf 2-3 ki nan paj 195 lan.] Liv sa a esplike sa Labib anseye toutbonvre konsènan Jewova Dye e konsènan objektif li genyen pou limanite. ”
Jezi Kris
◼ “ Moun toupatou sou tè a tande pale de Jezi Kris. Gen moun ki di se yon senp òm estrawòdinè li te ye. Gen lòt menm ki adore l kòm Bondye Toupisan an. Èske w panse kwayans ou sou Jezi Kris gen yon enpòtans ? ” [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jan 17:3, epi li paragraf 3 ki nan paj 37 la.] Atire atansyon moun nan sou kesyon ki anba tit chapit la.
Lapriyè
◼ “ Èske w janm mande tèt ou ki jan Bondye reponn priyè ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 1 Jan 5:14, 15, epi li paragraf 16-18 ki nan paj 170-2 la.] Chapit sa a esplike tou poukisa nou dwe priye Bondye e ki sa nou dwe fè pou l koute nou. ”
Relijyon
◼ “ Anpil moun kòmanse konsidere relijyon yo kòm yon koz pwoblèm k ap frape limanite olye pou yo ta yon solisyon nan pwoblèm sa yo. Èske w panse relijyon yo ap mennen moun yo nan bon direksyon ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Matye 7:13, 14, epi li paragraf 5 ki nan paj 145-6 la.] Chapit sa a pale sou sis pwen ki idantifye adorasyon Bondye apwouve a. ” Montre lis ki nan paj 147 la.
Trajedi/Soufrans
◼ “ Lè yon trajedi rive, anpil moun ap mande tèt yo si Bondye gen sousi pou moun toutbonvre, e si li remake soufrans ki genyen yo. Èske w konn poze tèt ou kesyon sa a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 1 Pyè 5:7, epi li paragraf 11 ki nan paj 11 lan.] Liv sa a esplike ki jan Bondye pral elimine soufrans limanite ap sibi yo konplètman. ” Montre moun nan kesyon entwodiksyon ki nan paj 106 la.
Lagè/Lapè
◼ “ Moun tout kote swaf lapè. Èske w panse espwa pou gen lapè sou tè a se yon rèv ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Sòm 46:8, 9.] Liv sa a esplike ki jan Bondye pral reyalize objektif li genyen e ki jan l ap fè pou vin gen yon lapè mondyal. ” Montre moun nan imaj ki nan paj 35 lan, epi egzamine paragraf 17-21 ki nan paj 33-4 la.
[Kare nan paj 5]
Fason pou nou pale de ofrann volontè
“ Si w ta renmen bay yon ofrann kounye a pou travay mondyal nou an, m ap byen kontan aksepte l. ”
“ Menmsi nou ofri piblikasyon nou yo san nou pa mande moun yo pou yo peye, nou aksepte ofrann yo konn bay pou travay mondyal la. ”
“ Petèt w ap mande tèt ou ki jan nou rive kenbe nan travay sa a n ap fè a. Ebyen, se paske travay mondyal n ap fè a jwenn sipò ofrann volontè moun fè. Si w vle bay yon ofrann kounye a, m ap byen kontan aksepte l. ”