Yon èd ki fasil pou jwenn
1. Ki sa ki ka fè espirityalite yon moun vin bese ?
1 Anna se yon sè ki gen mari l ki pa kwayan, e anplis, li nan yon travay ki egzijan anpil. Sa fè li pa t fasil ditou pou l asiste reyinyon regilyèman, pou l patisipe nan ministè a e pou l etidye Pawòl Bondye a. Byenke li toujou renmen Jewova, li te vin inaktif. Erezman, li te resevwa èd espirityèl nan men ansyen yo ki gen sousi pou moun.
2. Ki fason tout kretyen kapab montre yo se yon èd ki fasil pou jwenn ?
2 Lè nou aksepte èd espirityèl nou jwenn pa mwayen kongregasyon kretyen an, sa montre se nan Jewova menm nou mete konfyans nou. Pou ansyen nan kongregasyon yo imite fason Jezi Kris pran swen moun avèk amou, yo chèche okazyon pou yo bay moun ki gen pwoblèm espirityèl yo ankourajman ak èd pratik (1 Tes. 5:14). Trè souvan, sa ki konn nesesè, se jis yon pawòl ankourajan yon moun di avèk jantiyès e ki baze sou tèks rekonfòtan ki gen nan Bib la. Se pa sèlman ansyen yo ki dwe chèche okazyon pou ede moun ki fè yon ti febli, men se tout kretyen ki dwe fè sa. Siman nou tout deja konnen fòs ki gen nan “ yon pawòl [byen reflechi yon] moun di nan moman ki apwopriye ”. — Pwo. 25:11 ; Iza. 35:3, 4.
3, 4. Pou nou ede lòt moun, ki sa sa mande, e ki jan nou ka fè sa ?
3 Pran inisyativ : Pou nou demontre nou enterese ak tout kè nou nan moun ki bezwen èd yo, sa mande pou nou pran inisyativ, pou nou gen kè sansib e pou nou sensè. Lè Yonatàn te aprann David te nan yon sitiyasyon ki difisil anpil, li te ‘ leve al Orèch kot David yon fason pou l te bay men David fòs ’. (1 Sam. 23:15, 16.) Ou bezwen gen anpil jantiyès lè w ap ede lòt moun. Pawòl nou ap jwenn pi bon rezilta si se bonjan sousi nou genyen pou moun yo ki pouse nou di yo. Anplis de sa, Jezi te montre aklè pou yon moun rive ramne yon frè oswa yon sè espirityèl, sa mande anpil efò (Lik 15:4). Si nou gen yon dezi sensè pou nou ede lòt moun, sa ap pouse nou ede yo avèk pèseverans, menmsi pwogrè yo fè pa parèt tousuit.
4 Lè nou pran inisyativ pou nou envite lòt moun pou akonpaye nou nan ministè a, pa egzanp moun ki nan menm etid liv avèk nou, se pa ti ankourajan sa ankourajan ! Lè nou ankouraje yon sèvitè Jewova parèy nou pou l patisipe nan ministè a ansanm avèk nou, nou kapab tou pwofite okazyon sa a pou n fòtifye men l. Moman kè kontan sa yo nou pase ansanm nan sèvis Jewova se moman ki ankourajan, sitou pou moun k ap reprann ekilib espirityèl yo.
5. Ki èd ansyen yo kapab bay nan kèk ka ?
5 Yon dispozisyon ki chaje lanmou : Yon moun ki pa patisipe nan travay predikasyon an oubyen ki gen kèk tan depi li pa asosye ak kongregasyon an kapab bezwen plis èd pou bati lafwa l. Petèt sa li vrèman bezwen, se yon etid nan liv Adorez le seul vrai Dieu a, oswa nan liv Approchez-vous de Jéhovah a oubyen nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Piske se yon moun ki deja batize, jeneralman etid la pap bezwen fèt pandan yon peryòd ki long. Komite sèvis kongregasyon an ta dwe veye pou wè kiyès ki ta kapab tire pwofi nan dispozisyon sa a. — Gade nan ribrik Repons kesyon w yo nan Ministè Wayòm novanm 1998 ak novanm 2000.
6. Ki jan yon sè te rejwenn fòs espirityèl ?
6 Anna, nou te mansyone pi wo a, te aksepte avèk rekonesans posiblite ansyen yo te ofri l pou yon sè ki gen matirite espirityèl etidye avèk li. Kat fwa sèlman etid la te fèt, e sa te sifi pou ede l pwoche bò kote Jewova ankò. Li te rekòmanse asiste reyinyon kongregasyon an e li te retounen gen dezi pou l bay Jewova Dye louwanj an piblik. Pou sè ki t ap etidye avè l la te ede l nan ministè a, li te konn mennen l al fè lòt etid avè l jiskaske li vin jwenn fòs ase pou l preche kay an kay. Se tou senpleman yon ti kout pous li te bezwen pou l rederape !
7. Ki byenfè nou jwenn lè nou fòtifye lòt moun espirityèlman ?
7 Lè nou fòtifye yon moun ki bezwen èd, se tout moun ki jwenn benediksyon. Moun ki resevwa èd la jwenn lajwa dèske li vin pwoche bò kote Jewova e li retounen patisipe nan aktivite kongregasyon an. Ansyen yo rejwi lè y ap gade jan de pwogrè espirityèl sa yo (Lik 15:5, 6). Kongregasyon an vin pi ini etandone tout moun ladan l montre yo gen sousi ak lanmou youn pou lòt (Kol. 3:12-14). Nou gen bonjan rezon pou nou imite Jewova, yon èd ki fasil pou jwenn ! — Efe. 5:1.