Montre yon enterè sensè pou moun : pa mwayen yon bon kontak vizyèl
1 Lè n ap bay temwayaj, kit se nan andwa piblik, kit se kay an kay, souvan nou konn gentan gen yon kontak vizyèl ak moun yo anvan menm nou kòmanse pale avèk yo. Nan ti moman sa a, nou ka santi nan ekspresyon vizaj yo fason yo santi yo an prezans nou e nou ka menm santi si moun nan sou san l oubyen non. Menm jan an tou, yo ka rive disène anpil bagay nan nou. Men sa yon dam te di konsènan yon Temwen ki te vizite l : “ Sa mwen sonje konsènan vizaj souriyan li te genyen an se lapè. Sa te fè m vin kirye. ” Sa te ouvri wout pou dam sa a koute bon nouvèl la.
2 Lè n ap preche nan lari oswa lè n ap bay temwayaj nan lòt andwa piblik, yon mwayen efikas pou nou kòmanse bay moun yo temwayaj, se lè nou chèche gen kontak vizyèl avèk yo. Gen yon frè ki gen abitid gade moun k ap vin anfas li nan je. Lè je yon moun tonbe nan je pa l, li souri epi li prezante l peryodik. Grasa metòd sa a, li fè anpil konvèsasyon ki enteresan e li plase anpil piblikasyon.
3 Disène santiman lòt moun : Lè nou kenbe kontak vizyèl ak moun yo, sa ap ede nou disène santiman yo. Pa egzanp, si yon moun gen difikilte pou l konprann nou oswa li pa dakò ak yon bagay nou di, jeneralman sa parèt sou vizaj li. Si li okipe oswa li kòmanse vin enpasyan, n ap santi sa lè nou obsève ekspresyon vizaj li. Kidonk, selon sikonstans yo, nou ka ajiste prezantasyon n ap fè a oswa nou ka rezime l. Lè nou teni kont de santiman lòt moun, se yon bon mwayen pou nou demontre enterè sensè nou gen pou yo.
4 Senserite ak konviksyon : Nan anpil kilti, yo konsidere lè yon moun gade yon lòt moun nan je se yon prèv ki montre moun sa a sensè. Remake ki jan Jezi te reyaji lè disip li yo te mande l : “ Kiyès vrèman ki ka sove ? ” Dapre sa Labib rapòte : “ Jezi gade yo anfas, li di yo : ‘ Pou lèzòm, sa enposib, men pou Bondye, tout bagay posib. ’ ” (Mat. 19:25, 26). Pa gen dout, konviksyon ki te parèt nan je Jezi te bay pawòl li yo plis pwa. Menm jan an tou, lè nou gen bon kontak vizyèl ak moun yo, sa ap ede nou transmèt mesaj Wayòm nan avèk senserite e avèk konviksyon. — 2 Kor. 2:17 ; 1 Tes. 1:5.