BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 13 p. 124-p. 127 par. 1
  • Gade moun w ap pale avèk yo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Gade moun w ap pale avèk yo a
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Montre yon enterè sensè pou moun : pa mwayen yon bon kontak vizyèl
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Entwodiksyon ki kapte atansyon moun
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 13 p. 124-p. 127 par. 1

LESON 13

Gade moun w ap pale avèk yo a

Ki sa pou w fè?

Gade moun w ap pale avèk yo a, kite je w sou yo pandan kèk segonn, si yo aksepte moun fè sa nan zòn ou an. Pa annik gade tout moun yo ansanm, men chèche gade chak moun apa.

Poukisa sa enpòtan?

Nan anpil kilti, lè yon moun gade yon moun l ap pale avè l, yo konsidere sa kòm yon siy ki montre li enterese nan moun nan. Yo konsidere sa tou kòm yon prèv ki montre li pale avèk konviksyon.

JE NOU fè konnen ki santiman nou genyen. Yo ka montre si nou sezi oswa si nou pè, si nou gen konpasyon oswa si nou gen lanmou. Pafwa, yo ka montre nou gen dout konsènan yon bagay oswa nou nan lapenn. Men sa yon mesye ki granmoun te di konsènan moun nan menm peyi avè l ki t ap soufri anpil: “Nou pale ak je nou.”

Lòt moun ka konprann yon seri bagay sou nou e sou sa n ap di selon kote nou fikse je nou. Nan anpil peyi, moun yo plis renmen fè moun ki gade yo nan je konfyans, depi yo fè sa avèk respè. Sepandan, yo ka doute sou senserite oswa sou konpetans yon moun k ap gade pye l oubyen k ap gade yon lòt bagay olye l gade moun l ap pale avè l la. Nan kèk lòt peyi, moun yo konsidere yon moun k ap plede gade yon lòt moun nan je kòm yon moun ki pa gen politès, ki belijeran oswa k ap pwovoke lòt moun, sitou si se ak yon moun lòt sèks l ap pale oswa ak yon chèf oswa yon moun ki gen yon gwo pozisyon. Nan kèk zòn, yo konsidere si yon timoun ap gade yon granmoun dwat nan je pandan l ap pale avè l, sa montre l malelve.

Sepandan, nan zòn kote yo pa konsidere sa kòm yon bagay ki mal, lè yon moun k ap di yon lòt moun yon bagay enpòtan gade moun nan nan je, sa ka bay sa l ap di a plis fòs. Sa ka fè yo wè li gen konviksyon nan sa l ap di a. Gade ki jan Jezi te reponn disip li yo lè yo te fin sezi pou yon bagay li te di, epi yo te mande l: “Kiyès menm ki ka sove?” Men sa Labib di: “Jezi gade yo nan je, epi li di yo: ‘Pou lèzòm, sa enposib, men pou Bondye, tout bagay posib.’” ​(Mat. 19:25, 26). Bib la montre tou apot Pòl te suiv reyaksyon moun ki t ap koute l yo avèk anpil atansyon. Yon lè, gen yon mesye ki domaje depi l fèt ki te la pandan Pòl t ap pale. Men sa Travay 14:9, 10 rakonte: “Mesye sa a te chita ap tande Pòl k ap pale. Epi, Pòl gade l fiks, e kòm li wè mesye a gen lafwa pou l geri l, li di l byen fò: ‘Kanpe dwat sou de pye w.’”

Konsèy anrapò ak travay predikasyon an. Lè w ap preche, se pou w amikal ak moun yo e se pou w montre w gen afeksyon pou yo. Kote sa apwopriye, poze yo kesyon k ap fè yo reflechi pou w ka kòmanse yon konvèsasyon avèk yo sou bagay ki enterese ni ou menm ni yo menm. Lè w ap fè sa, chèche gade yo nan je, oswa omwen gade yo anfas yon fason ki montre w respekte yo e ki montre bonte. Lè moun yo wè yon bon ti souri sou vizaj ou e yo wè nan je w lajwa w genyen nan kè w, sa ap atire yo anpil. Lè w fè sa, sa ap aprann yo anpil bagay sou jan de moun ou ye e sa ap fè yo pi alèz pandan konvèsasyon w ap fè avèk yo.

Lè w gade moun nan nan je, kote sa apwopriye, sa ka ede w konprann ki jan pou w kontinye konvèsasyon an avè l. Si moun nan fache oswa si l pa vrèman enterese nan sa w ap di l la, w ap ka wè sa. Si l pa konprann ou, w ap ka wè sa. Si l pa vle w rete oswa si l vrèman dispoze koute w, w ap ka wè sa tou. Je l ka montre w si l nesesè pou w pale pi vit, pou w fè plis efò pou w fè l patisipe nan konvèsasyon an, pou w sispann konvèsasyon an, oswa petèt, pou w montre l fason nou fè etid Labib ak moun yo.

Kit w ap preche, kit w ap fè yon etid, chèche gade moun w ap pale avè l la nan je, fè sa avèk respè. Pinga w gade l nan je nan pwen pou w fè l jennen (2 Wa 8:11). Men, tanzantan, gade l yon fason ki natirèl e ki amikal. Nan anpil peyi, sa ap montre moun yo ou enterese nan yo toutbonvre. Natirèlman, lè w ap li yon pòsyon nan Bib la oswa nan yon lòt piblikasyon, je w ap fikse sou sa w ap li a. Men, pou w mete aksan sou yon pwen, ou ka bezwen fè yon gade moun nan, menmsi se pou yon tikras tan. Si w gade moun nan tanzantan, sa ap pèmèt ou wè reyaksyon l tou parapò ak sa w ap li a.

Okòmansman, si w santi li difisil pou w gade moun nan je akoz ou timid, pa dekouraje. Tank w ap travay sou sa, w ap wè li vin nòmal pou w gade lòt moun lè w ap pale avèk yo, e sa ka fè w kominike ak yo pi byen.

Lè w ap fè yon diskou. Labib di nou anvan Jezi te kòmanse Sèmon sou montay la, “li leve je l gade disip li yo”. (Lik 6:20.) Suiv egzanp li. Si w pral pale devan yon gwoup moun, gade yo epi apre sa, fè yon ti poz pandan kèk segonn anvan w kòmanse pale. Nan anpil kote, sa ap mande pou w gade kèk nan moun k ap koute w yo nan je. Ti poz sa a ka ede w venk strès ou genyen lè w ap kòmanse a. L ap ede moun k ap koute w yo tou pou yo adapte yo ak kèlkeswa atitid oswa santiman ki ta parèt sou vizaj ou. Anplis, lè w fè sa, sa ap pèmèt moun ki nan asistans lan santi yo alèz e yo pare pou yo koute w.

Pandan diskou a, gade moun k ap koute w yo. Pa annik gade moun yo antanke gwoup. Fè efò pou w gade chak moun apa, otan sa posib. Prèske nan tout kilti, yo atann pou moun k ap pale a fè yon ti gade moun k ap koute yo.

Gade moun k ap koute w yo vle di plis pase annik fè kèk koudèy sou moun yo detanzantan sot nan yon bò al nan yon lòt bò. Avèk respè, gade youn nan moun k ap koute w yo, epi si sa apwopriye, di yon fraz nèt toutpandan w ap gade l. Ansuit, gade yon lòt moun, di youn oswa de fraz toutpandan w ap gade l. Pa ret ap gade yon moun nan pwen pou l vin santi l jennen, epi pa konsantre w sèlman sou kèk moun pami moun k ap koute w yo. Kontinye gade moun ki nan asistans lan sot nan yon bò al nan yon lòt bò, men lè w ap pale ak yon moun, pale ak moun nan toutbon e byen gade reyaksyon l anvan w gade yon lòt moun.

Nòt ou yo ta dwe swa sou pipit la, swa nan men w oswa nan bib ou yon fason pou depi w fè yon koudèy ou kapab wè yo. Si w oblije bese tèt ou nèt pou w gade nòt ou yo, w ap manke gade moun k ap koute w yo. Ou ta dwe veye sou kantite fwa w ap gade nòt ou yo e ki lè w ap fè sa. Si w ap gade nòt yo nan moman ou nan yon pwen enpòtan nan diskou a, nonsèlman ou pap wè reyaksyon moun k ap koute w yo, men tou, diskou w la ap pèdi nan fòs li. Menm jan an tou, si w toujou ap gade nòt ou yo, w ap pèdi kontak ak moun ki nan asistans lan.

Lè w voye yon boul bay yon moun, ou gade si l atrap li. Chak ide nan diskou w la tankou yon boul ou “voye” bay moun k ap koute w yo. Yo ka montre yo “atrap” li, lè yo reyaji. Pa egzanp, yo ka souke tèt yo, yo ka souri, yo ka gade w avèk atansyon. Si w kontinye gade yo, sa ap pèmèt ou asire w yo byen “atrap” ide w yo.

Si w gen responsablite pou w li pou kongregasyon an, èske w ta dwe chèche gade moun k ap koute w yo pandan w ap li a? Si moun k ap koute w yo ap suiv lekti w ap fè nan Bib la, pifò nan yo pap wè si w ap gade yo oswa si w pap gade yo. Men, si w ap gade yo, sa ka ede w mete vi nan lekti w la paske w ap byen suiv reyaksyon yo. E si gen moun pami yo ki pap li nan bib yo e petèt ki kite lespri yo ap pwonmennen, lefètke w gade yo, sa ka ede yo konsantre sou sa w ap li a ankò. Natirèlman, ou pap ka gade moun yo twòp, e ou ta dwe veye pou sa pa fè w bite nan lekti a. Se pou rezon sa a, li pi bon pou w kenbe bib ou nan men w, pou tèt ou anlè e pou w pa bese manton w jis sou lestomak ou.

Pafwa, yo konn bay ansyen yo fè yon diskou maniskri nan kongrè. Pou yon ansyen fè yon diskou konsa, sa mande pou l gen eksperyans, pou l prepare diskou a avèk swen e pou l fè repetisyon. Se vre, lè yon oratè ap fè yon diskou maniskri, sa limite kantite fwa li gen posiblite gade moun k ap koute l yo, men si l te byen prepare, l ap anmezi pou l gade moun yo detanzantan san l pa pèdi kote l ye a. Si l fè sa, sa ap ede l kapte atansyon moun yo e sa ap ede moun yo byen pwofite enstriksyon enpòtan sa a y ap bay nan domèn espirityèl.

PWEN POU W SONJE

  • Se pou w natirèl, se pou w amikal e se pou w enterese nan moun w ap pale avèk yo a toutbon.

  • Lè w ap li, kenbe sa w ap li ladan l lan nan men w epi leve manton w; konsa se je w sèlman w ap bezwen bouje, ou pap bezwen bese tèt ou.

EGZÈSIS: Nan konvèsasyon w ap fè chak jou avèk fanmi w oswa avèk zanmi w, chèche gade yo plis, fè sa ann amoni ak koutim ki gen nan zòn nan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje