Nou jwenn benediksyon lè nou ofri tèt nou volontèman
1. Ki jan David ak Neyemya te montre yo dispoze ofri tèt yo volontèman ?
1 Lè Golyat te pwovoke liy batay Izrayèl yo, nenpòt nan sòlda izrayelit yo te kapab ofri tèt li pou l al goumen avè l. Men se te yon jèn ti bèje ki pa t antrene pou lagè, ki te ofri tèt li volontèman (1 Sam. 17:32). Lè Juif ki te egzile yo te retounen Jerizalèm e yo te sispann rebati miray vil la, se yon sèvè bwason wa Pès la ki te dispoze kite pozisyon privilejye li te genyen nan palè a pou l vwayaje al Jerizalèm pou l òganize travay la (Ney. 2:5). Jewova te beni de mesye sa yo, anpalan de David ak Neyemya, poutèt etadespri yo te manifeste a. — 1 Sam. 17:45, 50 ; Ney. 6:15, 16.
2. Poukisa kretyen yo montre yo dispoze ofri tè yo volontèman ?
2 Jodi a, li ra pou nou wè moun nan monn nan dispoze ofri tèt yo volontèman. Nan dènye jou sa yo, moun yo okipe anpil e yo “ renmen pwòp tèt yo ” (2 Tim. 3:1, 2). Li fasil pou yon moun tèlman okipe nan zafè pa l li pa remake okazyon ki prezante pou l ofri sèvis li volontèman lè lòt moun bezwen èd. Sepandan, antanke kretyen, nou vle imite Jezi, li menm ki te pran inisyativ pou l ede lòt moun (Jan 5:5-9 ; 13:12-15 ; 1 Pyè 2:21). Ki jan nou kapab montre nou dispoze ofri tèt nou volontèman, e ki benediksyon n ap jwenn ?
3. Lè nou dispoze ofri tèt nou volontèman, ki efè sa genyen sou reyinyon kongregasyon yo ?
3 Pou frè nou yo : Nou kapab pataje yon “ don espirityèl ” avèk lòt moun lè nou dispoze fè kòmantè nan patisipasyon y ap fè nan reyinyon yo ki mande pou oditwa a patisipe (Wom. 1:11). Kòmantè nou yo onore Jewova, yo grave laverite pi fon nan lespri nou ak nan kè nou, e yo ogmante jwa nou nan reyinyon yo (Sòm 26:12). Anplis de sa, nou kapab ofri tèt nou volontèman pou nou bay diskou nan Lekòl ministè teyokratik la lè yo bezwen yon ranplasan. Sa ap ede nou amelyore kapasite nou genyen pou nou anseye.
4. Ki lòt fason nou kapab montre nou dispoze ofri tèt nou volontèman ?
4 Frè yo kapab montre yo dispoze ofri tèt yo volontèman lè yo chèche andose responsablite nan kongregasyon an (Iza. 32:2 ; 1 Tim. 3:1). Nou tout nou kapab kontribye pou asanble yo ak kongrè yo byen dewoule si nou dispoze ofri tèt nou pou nou travay nan diferan sèvis yo. Lè nou ofri tèt nou volontèman pou nou preche ak siveyan itineran an oswa lè nou dispoze ofri l yon repa, sa ap pèmèt gen “ yon echanj ankourajman ” (Wom. 1:12). Lè nou ofri tèt nou pou nou ede yon fason pratik òfelen yo, vèv yo, moun ki malad yo, moun ki enfim yo, manman timoun piti yo, ak lòt moun ankò nan kongregasyon an, n ap jwenn lajwa ak favè Jewova. — Pwo. 19:17 ; Tra. 20:35.
5. Anrapò ak Sal Wayòm yo, ki travay ki mande pou gen moun ki dispoze ofri tèt yo volontèman ?
5 Yon lòt fason nou kapab montre nou dispoze pou nou bay tan nou ak efò nou se lè nou ede netwaye Sal Wayòm nan e nou ede kenbe l nan bon kondisyon. Anplis de sa, etandone gen anpil moun k ap vin nan laverite, li nesesè pou yo konstwi plis Sal Wayòm e pou gen plis volontè pou konstwi yo. Gen yon koup marye ki te rann yo disponib pou yo travay nan konstriksyon Sal Wayòm byenke koup sa a pa t gen okenn fòmasyon pou yo travay nan konstriksyon. Avèk letan, koup sa a te resevwa fòmasyon nan poze brik, e kounye a, y ap bay èd yo nan travay sa a. Men remak madanm nan te fè : “ Lefètke nou travay kòtakòt ak lòt moun, kòm rezilta, nou vin devlope bonjan amitye ak yo. Nan fen jounen an, nou santi nou fatige fizikman, men nou santi nou rekonfòte espirityèlman. ”
6. Poukisa travay nou fè nan ministè a se travay ki pi enpòtan nou kapab akonpli ?
6 Lè nou preche : Travay ki pi enpòtan nou ka ofri tèt nou volontèman pou nou fè jodi a se travay predikasyon Wayòm nan. Tank n ap ede moun yo konprann epi aplike konsèy ki nan Bib la, y ap vin gen yon objektif nan lavi yo, e y ap vin gen kouraj pou yo kite move abitid yo genyen. Yo vin konnen esperans rekonfòtan ki nan Bib la konsènan lavni. Lè nou anseye moun yo Labib, nou fè yon travay ki bay lajwa e ki pèmèt yo jwenn byenfè ki dirab (Jan 17:3 ; 1 Tim. 4:16). Si sitiyasyon nou pèmèt nou, nou kapab patisipe plis nan travay sa a si nou pran sèvis pyonye oksilyè oswa sèvis pyonye pèmanan, si n al kote yo bezwen plis bra, oswa si nou aprann yon lòt lang.
7. Poukisa li espesyalman enpòtan jodi a pou nou ofri tèt nou volontèman ?
7 Wa David te pwofetize pèp Bondye a t ap “ ofri tèt li volontèman ” lè Mesi a t ava kòmanse domine (Sòm 110:3, nòt anba paj). Pandan Jewova ap akselere dènye rekòt espirityèl la, gen anpil travay nou kapab ofri tèt nou volontèman pou nou fè (Iza. 60:22). Èske w di : “ Men mwen ! Voye m ” (Iza. 6:8) ! Vrèmanvre, si nou montre nou dispoze ofri tèt nou volontèman, n ap fè Jewova plezi e n ap rekòlte anpil benediksyon. — Iza. 6:8.