LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Èske w ka bay tan w ak fòs ou?
Jan Ezayi te pwofetize sa, pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a ap grandi yon fason nou pa t janm wè anvan sa (Eza 54:2). Akoz akwasman sa a, nou bezwen konstwi lòt Sal Wayòm, Sal Asanble ak biwo filyal. Lè n fin konstwi lokal sa yo, y ap bezwen nou fè antretyen ladan yo, e gen kèk lòt k ap bezwen pou nou repare yo. Konstriksyon sa yo ban nou posiblite pou n bay Jewova tan nou ak fòs nou. Ki jan?
Nou ka patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan lè se gwoup predikasyon nou an k ap fè l
Nou ka pote n volontè pou n resevwa fòmasyon pou n fè antretyen nan Sal Wayòm nan
Nou ka ranpli Aplikasyon pou moun ki ta renmen sèvi kòm volontè pou plan ak konstriksyon lokal (DC-50) pou n ka ede nan pwojè konstriksyon ak antretyen k ap fèt bò lakay nou
Nou ka ranpli Aplikasyon pou moun ki ta renmen sèvi kòm volontè (A-19) pou n ede pou yon semèn oubyen plis nan filyal ki nan tèritwa nou an oswa nan yon lòt filyal
GADE VIDEYO KI GEN TIT YON NOUVO PWOJÈ KONSTRIKSYON — YON PATI NAN VIDEYO A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Depi ane 2014, ki jan nou sèvi ak plis videyo pase anvan?
Piske y ap kontinye fè plis videyo pou reyinyon yo, ki pwojè ki vin genyen, ki lè pwojè konstriksyon sa a ap kòmanse e ki lè l ap fini?
Ki jan volontè yo kapab ede nou nan pwojè sa a?
Si n ta renmen ede nan pwojè konstriksyon Ramapo a, poukisa nou ta dwe ranpli yon aplikasyon (DC-50), epi ede nan pwojè pou plan ak konstriksyon lokal k ap fèt bò lakay nou?
Ki prèv ki montre Jewova ap dirije pwojè sa a?
Ki jan nou ka soutni pwojè sa a, menmsi nou pa ka ede nan konstriksyon an pèsonèlman?