BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb16 p. 16-p. 17 par. 4
  • Yo konstwi Sal Wayòm pi rapid

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo konstwi Sal Wayòm pi rapid
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Travay konstriksyon ki bay Jewova glwa
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Èske w ka bay tan w ak fòs ou?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Konstriksyon Sal Wayòm : yon aspè enpòtan nan sèvis sakre a
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Poukisa n konstwi Sal Wayòm e ki jan n rive konstwi yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Gade plis
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
yb16 p. 16-p. 17 par. 4
Temwen Jewova yo k ap konstwi yon nouvo Sal Wayòm.

KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A

Yo konstwi Sal Wayòm pi rapid

SE PA ti bèl sa bèl pou n wè jan Jewova ap etann vrè adorasyon an byen rapid toupatou nan monn nan (Eza. 60:22)! Kòm rezilta, nou vin bezwen plis Sal Wayòm toujou. Toupatou nan monn nan, nou bezwen konstwi plis pase 13 000 nouvo Sal oubyen n bezwen fè gwo renovasyon ladan yo.

Pou travay la ka fèt pi rapid e pou l pi ekonomik, Kolèj santral la te fè ajisteman nan pakèt depatman konstriksyon nou yo. Biwo ki fèk fòme ki rele Biwo mondyal pou plan ak konstriksyon (BMPK) e ki twouve l nan Syèj mondyal la nan Bwouklin, Nouyòk, ap travay di pou bay pwojè konstriksyon ak renovasyon toupatou nan monn nan priyorite. Biwo rejyonal pou plan ak konstriksyon (BRPK) ki nan filyal Afrik disid, Etazini, Ewòp santral ak Ostralazi ap kowòdone pwojè nan zòn ki sou kont yo e objektif yo se konstwi Sal Wayòm pi rapid san yo pa depanse anpil lajan. Anplis de sa, BRPK yo bay filyal ki nan zòn pa yo fòmasyon pou yo byen pran swen bilding teyokratik ki nan tèritwa filyal pa yo. Epi, nan chak filyal, gen yon biwo ki rele Biwo lokal pou plan ak konstriksyon (BLPK) ki kowòdone konstriksyon ak antretyen Sal Wayòm yo ak Sal Asanble yo.

Nan mwa janvye 2015, tout ansyen Ozetazini yo te asiste yon bèl reyinyon grasa lyezon videyo kote yo te esplike yon nouvo dispozisyon k ap pèmèt yo planifye konstriksyon Sal Wayòm, konstwi yo epi fè antretyen ladan yo. Men sa yo te aprann.

  • Konstriksyon: Yo dwe chwazi plan yo ak materyèl yo selon sikonstans zòn nan e yo dwe suiv enstriksyon Komite edisyon Kolèj santral la bay. Konstriksyon yo pap bezwen anpil antretyen e y ap solid. Mete sou sa, y ap bèl e yo pap koute anpil lajan.

  • Antretyen: Volontè nan chak kongregasyon ap jwenn fòmasyon pou yo pran swen kote y ap adore a e pou yo ede l dire pi lontan.

Vrèmanvre, nou gen anpil travay konstriksyon ak antretyen pou n fè. Men, tout efò pèp Bondye a ap fè yo pral pèmèt gen plis bagay ki fèt pou akselere travay la yon fason pou n pi byen sèvi ak ofrann yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje