Èske w prepare w pou katastwòf natirèl ?
1. Poukisa li saj pou nou prepare nou kont katastwòf ?
1 Chak ane, gen plizyè milyon moun nan monn nan, san wete anpil frè ak sè, tranblemanntè, sounami, gwo lapli, siklòn, ouragan, toubiyon ak inondasyon afekte. Etandone katastwòf natirèl yo rive sanzatann e yo kapab afekte nenpòt nan nou, li saj pou nou prepare nou. — Pwo. 21:5.
2. Poukisa nou dwe bay ansyen yo adrès nou ak nimewo telefòn nou ?
2 Anvan : Pafwa, otorite yo kapab avèti nou konsènan katastwòf ki gen pou vini. Li enpòtan pou nou pran avètisman sa yo oserye (Pwo. 22:3). Nan okazyon sa yo, ansyen yo dwe chèche kontakte tout moun nan kongregasyon an pou yo kapab ede yo fè preparasyon ki nesesè. Apre yon dezas, ansyen yo dwe chèche kontakte moun ki konn vin asiste reyinyon ak kongregasyon an tou pou yo wè non sèlman si yo an sekirite men tou ki èd yo bezwen. Ansyen yo kapab pèdi tan si yo pa gen enfòmasyon ajou pou kontakte moun yo. Donk, li enpòtan pou pwoklamatè yo bay sekretè a ak siveyan etid liv yo a adrès yo ak nimewo telefòn yo.
3. Ki jan nou kapab kowopere ak ansyen yo si n ap viv nan zòn kote li pwobab pou dezas pase ?
3 Si kongregasyon an nan yon zòn kote li pwobab pou dezas pase, ansyen yo kapab mande pwoklamatè yo pou yo bay adrès ak nimewo telefòn yon paran oswa yon zanmi ki pap viv pre zòn nan, moun ansyen yo ta dwe kontakte si gen ijans. Sa ap pèmèt ansyen yo konnen kote moun ki deplase yo ye. Ansyen yo gendwa deside tou etabli yon plan pou kongregasyon an pou si ta gen ijans, yon plan ki gen ladan l diferan eleman tankou yon lis pwodui enpòtan chak moun dwe gen soulamen, dispozisyon pou deplase moun yo ak plan pou ede moun ki bezwen yon èd an patikilye. Li enpòtan pou nou kowopere ak dispozisyon sa yo ki plen lanmou. — Ebre 13:17.
4. Ki sa w dwe fè si yon dezas frape zòn kote w ap viv la ?
4 Apre yon dezas : Ki sa w dwe fè si yon dezas frape zòn kote w ap viv la ? Asire w bezwen fizik ki ijan fanmi w genyen konble. Si l posib, se pou nou ede lòt moun ki sinistre. Chèche pran kontak ak siveyan etid liv ou a oswa ak yon lòt ansyen osito sa posib. Ou dwe fè sa menmsi w an sekirite e menmsi w pa bezwen èd. Si w bezwen èd, ou mèt sèten frè w yo ap fè tout sa yo kapab pou yo ede w (1 Kor. 13:4, 7). Pa bliye Jewova konnen nan ki sitiyasyon w ye ; konte sou li pou l soutni w (Sòm 37:39 ; 62:8). Veye tout opòtinite ki prezante pou w ede lòt moun nan domèn espirityèl e nan domèn afektif (2 Kor. 1:3, 4). Reprann aktivite teyokratik ou yo osito sa posib. — Mat. 6:33.
5. Ki jan menas dezas afekte nou menm kretyen ?
5 Byenke menas dezas lakòz anpil strès nan monn nan, nou kapab gade lavni ak konfyans. Talè konsa, pap gen okenn dezas ankò (Rev. 21:4). Antretan, toutpandan n ap anonse bon nouvèl la bay lòt moun, nou kapab fè tout sa k posib pou nou prepare nou pou lè gen pwoblèm.