LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Èske w pare?
Èske w pare si yon katastwòf natirèl ta frape zòn lakay ou? Tranblemanntè, siklòn, forè k ap pran dife ak inondasyon ka rive bridsoukou e fè gwo dega. Anplis de sa, atak teworis, gwo dezòd ak epidemi ka rive nenpòt kote sanzatann (Ekl 9:11). Nou pa ta dwe panse bagay sa yo pap janm rive kote n ap viv la.
Nou chak dwe pran dispozisyon ki rezonab pou nou pare pou yon katastwòf (Pw 22:3). Byenke òganizasyon Jewova a bay èd pa l lè gen katastwòf, sa pa vle di nou pa dwe pran pwòp responsablite nou. — Ga 6:5, nòt.
GADE VIDEYO ÈSKE W PARE POU YON KATASTWÒF NATIRÈL?, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Kòman bonjan relasyon nou genyen ak Jewova ka ede nou lè gen yon katastwòf?
Poukisa li enpòtan pou nou . . .
• kenbe yon bon kominikasyon avèk ansyen yo anvan, pandan e apre yon katastwòf?
• prepare yon valiz oubyen yon sak ijans? — g17.5 6
• pale sou divès kalite katastwòf ki ka rive e pale sou ki sa n ka fè nan chak ka?
Ki twa fason nou ka ede lòt moun lè gen katastwòf?