Imite Kris nan ministè nou
1 Jezi kite egzanp nou dwe suiv nan ministè nou. Li te demontre lanmou pwofon li gen pou Bondye ak pou lòt moun nan plizyè okazyon e nan divès fason. Li te anseye moun ki enb yo laverite e li te fè anpil aksyon ki demontre bonte ki plen lanmou an favè moun ki te aflije ak moun yo t ap oprime. — Mat. 9:35.
2 Egzanp Jezi ak ansèyman l yo : Jezi pa t kite patisipe nan zafè politik oswa fè zèv imanitè pou amelyore sitiyasyon kominote kote l t ap viv la fè l vin distrè. Ni nonplis li pa t bay okenn lòt objektif plis enpòtans pase travay prensipal li te gen pou l fè a, menm lè se ta objektif yo vize ak bon entansyon (Lik 8:1). Li te konsantre tout efò l sou predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a ki se sèl solisyon pèmanan pou pwoblèm limanite. Jezi te gen yon gwo travay pou l fè, men li pa t gen anpil tan pou l fè l. Lè moun Kapènawòm yo te vle pou l rete nan vil sa a, men sa li te di disip li yo : “ Ann al yon lòt kote [...] pou m ka preche la tou, paske se pou sa mwen soti. ” — Mak 1:38.
3 Apre Jezi te fin fòme disip li yo, li te voye yo al preche. Men enstriksyon li te ba yo : “ Se pou nou di : ‘ Wayòm syèl la vin pi pre. ’ ” (Mat. 10:7). Li te anseye tout disip li yo pou yo bay enterè Wayòm nan priyorite nan lavi yo (Mat. 6:33). Dènye pawòl Jezi te di disip li yo anvan li monte nan syèl la montre aklè ki sa yo te gen pou yo fè. Men sa li te di yo : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. ” — Mat. 28:19.
4 Enpòtans Wayòm nan : Tèm prensipal predikasyon Jezi a se te Wayòm Bondye a. Li te egzòte disip li yo pou yo suiv egzanp sa a. Efò lèzòm ap fè pou yo rezoud pwoblèm limanite pap reyisi (Jer. 10:23). Se sèlman Wayòm Bondye a ki pral sangtifye non Bondye e ki pral pote soulajman dirab pou tout limanite (Mat. 6:9, 10). Lè nou preche moun yo laverite konsènan Wayòm nan, moun k ap “ soupire e ki ap jemi parapò ak tout bagay detestab [moun] ap komèt ”, sa ede yo pou yo reyisi nan lavi yo, pou yo jwenn kè kontan, e sa ede yo kenbe yon esperans fèm pou lavni. — Eze. 9:4.
5 Jis nan ki pwen ministè nou ann amoni ak modèl Jezi te kite pou nou an (1 Pyè. 2:21) ? Jezi kontinye jwe yon wòl aktif nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a, e li ban nou asirans l ap soutni nou (Mat. 28:20). Nan dènye jou sa yo ki kritik, se pou nou fè tout sa nou kapab pou nou rete kole sou egzanp Jezi kite pou nou nan ministè a !