Ministè nou antanke kretyen se aktivite ki pi enpòtan
1 Nou tout gen divès kalite aktivite n ap mennen. Se Bondye ki mande pou nou pran swen moun ki lakay nou (1 Tim. 5:8). Sepandan, obligasyon sa a Bondye ban nou an pa ta dwe pran pye sou travay nou genyen pou nou preche Wayòm nan e pou nou fè disip. — Mat. 24:14 ; 28:19, 20.
2 Jezi kite yon egzanp pou nou suiv sou fason pou nou “ chèche wayòm nan [...] an premye ”. (Mat. 6:33 ; 1 Pyè 2:21.) Menmsi li pa t posede anpil bagay, li te konsakre l nèt pou l fè volonte Papa l (Lik 4:43 ; 9:58 ; Jan 4:34). Li te fè tout sa l te kapab pou l preche nan tout ti okazyon (Lik 23:43 ; 1 Tim. 6:13). Li te ankouraje disip li yo pou yo gen menm angouman avè l nan travay rekòt la. — Mat. 9:37, 38.
3 Fason nou ka imite Jezi jodi a : Nou kapab imite egzanp Jezi lè nou fè efò pou nou mennen yon vi senp, kote nou konsantre nou sou ministè nou antanke kretyen. Si nou jwenn sa nou bezwen pou nou viv, ann koute konsèy nou jwenn nan Bib la ki mande pou nou pa kontinye ap chèche gen plis byen (Mat. 6:19, 20 ; 1 Tim. 6:8). Wi, li pi bon lontan pou nou chèche patisipe pi plis nan travay predikasyon an. Si nou gen pwoblèm, annou fè anpil efò menm jan ak Jezi, annou pa kite sousi lavi a pran pye sou travay prensipal nou genyen an, travay preche bon nouvèl Wayòm nan. — Lik 8:14 ; 9:59-62.
4 Menm moun ki gen anpil responsablite rive bay travay predikasyon an premye plas nan lavi yo. Pa egzanp, gen yon frè ki gen anpil timoun sou kont li, ki gen gwo responsablite nan travay li e ki ansyen nan yon kongregasyon, ki di : “ Mwen konsidere aktivite predikasyon an kòm yon karyè. ” Yon sè ki pyonye di, bò kote pa l : “ Sèvis pyonye gen plis valè lontan pase nenpòt bèl karyè ki gen nan monn nan. ”
5 Kèlkeswa sitiyasyon nou, annou suiv egzanp Jezi. Ki jan ? Lè nou konsidere ministè nou kòm prensipal aktivite nou genyen.