BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/03 p. 8
  • Ki sa ki gen priyorite pou ou ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa ki gen priyorite pou ou ?
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Èske w akonpli sèvis ou nèt?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Ministè nou antanke kretyen se aktivite ki pi enpòtan
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • “ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Aktivite nou dwe bay premye plas nan lavi nou
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 2/03 p. 8

Ki sa ki gen priyorite pou ou ?

1 Anpil relijyon mete aksan sou zèv tankou bati lekòl, bati lopital. Men, toutpandan Temwen Jewova yo pa bliye ‘ fè byen e yo pa bliye pataje ak lòt moun ’, priyorite yo se ede lòt moun espirityèlman. — Ebre 13:16.

2 Modèl nou jwenn nan premye syèk la : Jezi te fè anpil bèl travay diran ministè li sou tè a, men travay ki te pi enpòtan pou li se te rann temwayaj pou laverite (Lik 4:43 ; Jan 18:37 ; Tra. 10:38). Li te òdone disip li yo pou yo ‘ ale, pou yo fè disip pami moun tout nasyon, e pou yo anseye yo ’. (Mat. 28:19, 20.) Li te fè konnen moun ki montre yo gen lafwa nan li ap gen pou fè pi gwo travay pase sa li te kòmanse a (Jan 14:12). Jezi te bay travay predikasyon an priyorite paske sa te ede moun yo aprann mwayen k ap pèmèt yo sove a. — Jan 17:3.

3 Apot Pòl te wè travay predikasyon l lan kòm yon “ obligasyon ”, yon egzijans li dwe pran an konsiderasyon (1 Kor. 9:16, 17). Li te dispoze fè nenpòt sakrifis, li te dispoze andire nenpòt tribilasyon oswa viv nan di dekwa pou l kapab akonpli ministè li (Tra. 20:22-24). Apot Pyè ak konpayon l yo te montre menm etadespri a. Menm devan prizon ak baton, ‘ yo te kontinye anonse bon nouvèl la san rete, bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi, e yo te kontinye anseye l ’. — Tra. 5:40-42.

4 E nou menm ? Èske nou bay travay pwoklame bon nouvèl Wayòm nan ak fè disip la plis enpòtans pase tout lòt bagay ? Menm jan ak Jezi, èske nou gen pitye pou moun ki ‘ depafini e ki gaye tankou mouton ki san bèje ’ ? (Mat. 9:36.) Evènman k ap pase nan monn nan jodi a ak pwofesi nou jwenn nan Bib la montre byen klè fen sistèm de choz mechan an ap pwoche. Lè nou konsantre nou sou enpòtans travay predikasyon an, sa ap pouse nou pou nou kontinye preche avèk zèl.

5 Analize sitiyasyon pa w : Piske sitiyasyon chak moun konn chanje, detanzantan li ta bon pou nou gade si nou ta kapab fè kèk chanjman nan aktivite nou yon fason pou nou preche plis. Gen yon sè ki te pyonye pèmanan diran ane 50, 60, 70 yo, men ki te vin oblije kanpe paske sante l pa t bon. Finalman, sante l te retounen bon. Pa gen lontan, li te reegzamine sitiyasyon l e li te deside retounen vin pyonye ankò. Se pa ti kontan l te kontan lè l t ap asiste Lekòl pyonye a 90 an ! E ou menm ? Èske w prèske pran retrèt ou oswa èske w prèske diplome ? Si sitiyasyon w ta chanje, èske w ta ka vin pyonye ?

6 Lè Jezi te remake Mat “ te pèdi nan fè anpil travay ”, li te fè l konnen avèk jantiyès li t ap pi bon pou li si l te rann bagay yo pi senp (Lik 10:40-42). Èske w ka senplifye vi w ? Èske l vrèman enpòtan pou ni madanm ni mesye ap travay ? Si nou fè aranjman, èske fanmi an pa ta ka viv ak yon sèl salè ? Anpil moun jwenn avantaj espirityèl lè yo fè aranjman pou yo patisipe plis nan predikasyon.

7 Nou swete pou nou tout suiv modèl Jezi ak apot li yo te trase pou nou an ! Nou kapab sèten Jewova ap beni nou nan efò n ap fè ak tout kè nou pou n fè tout sa nou kapab nan travay enpòtan sa a, anpalan de predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. — Lik 9:57-62.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje