“ Ki jan w t ap reponn ? ”
1. Ki difikilte anpil moun rankontre ?
1 Èske w renmen Pawòl Bondye a men ou twouve li difisil pou w sonje detay ki nan istwa biblik yo oswa pou w sonje ki kote yo rapòte yon seri deklarasyon byen presi nan Ekriti yo ? Èske w ta renmen pitit ou byen konprann verite ak ansèyman fondamantal ki nan Bib la ? Ribrik “ Que répondriez-vous ? ” yo pibliye chak mwa nan paj 31 Réveillez-vous ! a kapab ede timoun kou granmoun pou yo vin konnen Pawòl Bondye a pi byen. — Tra. 17:11.
2. Ki jan yo kapab itilize divès pati ki nan ribrik “ Que répondriez-vous ? ” a ?
2 Ki jan nou kapab itilize ribrik sa a pi byen ? Réveillez-vous ! janvye 2006 la te bay sijesyon sa yo : “ Pran yon ti tan pou w gade paj 31 an. Gen kèk pati nan paj sa a k ap atire jèn yo. Gen lòt pati k ap teste memwa etidyan Labib ki gen plis eksperyans. Pati ‘ Situez dans le temps ’ an ap ede nou etabli nan ki epòk pèsonaj biblik yo t ap viv e ki lè kèk evènman enpòtan te rive. Nou kapab jwenn repons kesyon ki nan pati ki rele ‘ Dans ce numéro ’ a lè nou li peryodik la. Men, repons pou pifò lòt kesyon yo, n ap jwenn yo nan yon paj yo endike. Yo ekri repons sa yo tèt anba. Èske li pa t ap bon pou nou fè yon ti rechèch anvan nou li repons sa yo epi pataje sa nou aprann yo ak lòt moun ? Nou kapab menm sèvi ak nouvo ribrik sa a ki rele ‘ Que répondriez-vous ? ’ kòm baz pou konvèsasyon biblik an fanmi oswa an gwoup. ”
3. Ki jan kèk fanmi tire pwofi nan ribrik “ Que répondriez-vous ? ” a, e ki pati ou pi renmen ?
3 Anfèt, anpil fanmi renmen sèvi ak ribrik sa a kòm baz pou yo fè etid familyal. Gen yon manman ki ekri : “ Mwen menm ak mari m te panse se t ap yon bèl ide pou nou entegre pati ki rele ‘ Aux enfants de chercher ’ a nan etid familyal nou, pou etid la toujou byen chofe e pou l toujou enteresan pou pitit fi nou an ki gen twazan. Nou pran plezi pou nou gade l ki kontan pran Réveillez-vous ! pa l epi pou l feyte l jiskaske li rive jwenn sa l ap chèche a. ” Men sa yon papa nan peyi Brezil di : “ Mwen menm ak pitit gason m nan ki gen setan, nou renmen ribrik sa a ki nan Réveillez-vous ! a anpil. Li ede Moises aprann konsantre l, aprann chèche vèsè biblik yo, apresye imaj yo, epi konnen dat yo. ” Men sa Ashley, yon tifi ki gen uitan, ekri : “ Mèsi pou ribrik ki rele ‘ Que répondriez-vous ? ’ a ki nan fen Réveillez-vous ! a. Ladan l, mwen aprann anpil bagay konsènan Bib la. ”
4. Ki jan yon fanmi kapab sèvi ak ribrik “ Que répondriez-vous ? ” a nan etid familyal yo ?
4 Èske li pa t ap bon pou nou entegre ribrik “ Que répondriez-vous ? ” a detanzantan nan etid familyal nou ? Nou kapab sèvi ak Index la oswa ak Watchtower Library sou CD-ROM nan pou nou chèche repons pou kèk nan kesyon ki pi difisil yo. Si nou fè sa, n ap aprann pitit nou yo fason pou yo fè rechèch. Si nou gen gran pitit, èske li pa t ap bon pou nou mande yo chèche repons kesyon ki nan pati ki rele “ Qui suis-je ? ” la oswa pati ki rele “ Situez dans le temps ” an anvan nou fè etid familyal la ? Konsa, pandan etid la, y ap kapab pataje sa yo te aprann nan rechèch yo te fè a. Youn nan fason paran yo kapab fè Pawòl Bondye a antre nan lespri pitit yo se lè yo itilize ribrik sa a yon fason efikas, sa k ap ede yo konnen “ ekriti sakre yo ” depi yo toupiti. — 2 Tim. 3:15 ; Det. 6:7.