“ Li bay moun ki fatige fòs ”
1 Nou tout nou konn santi nou fatige. Se pa sèlman travay oswa lòt aktivite fizik ki konn lakòz sa. Pafwa, se konn difikilte nou rankontre nan “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ” sa yo ki lakòz nou santi nou fatige (2 Tim. 3:1). Antanke sèvitè Jewova, ki jan nou kapab jwenn fòs espirityèl nou bezwen pou nou pa ralanti nan ministè nou ? Nou kapab jwenn fòs lè nou konte sou Jewova, li menm ki “ gen anpil pisans ”. (Iza. 40:26.) Li teni kont de bezwen nou e li vle ede nou toutbonvre. — 1 Pyè 5:7.
2 Dispozisyon Jewova pran pou l ede nou : Jewova fòtifye nou pa mwayen lespri sen l, menm fòs estrawòdinè li te itilize pou l kreye linivè a. Lespri sen Bondye kapab ede nou “ reprann fòs ” si nou fatige (Iza. 40:31). Mande tèt ou : ‘ Ki dènye fwa mwen te priye Jewova espesyalman pou l ban m lespri l pou fòtifye m, yon fason pou m ka andose responsablite m antanke kretyen ? ’ — Lik 11:11-13.
3 Si nou li Pawòl Bondye enspire a chak jou, nou medite sou li epi nou etidye piblikasyon yo regilyèman yon fason pou nou ka nouri tèt nou espirityèlman, n ap vin tankou yon bèl “ pyebwa ki plante bò kouran dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, fèy li pa fennen ”. — Sòm 1:2, 3.
4 Jewova sèvi tou ak kwayan parèy nou yo ki kapab ‘ yon èd ki ban nou fòs ’. (Kol. 4:10, 11.) Yo fòtifye nou nan reyinyon yo grasa bonjan konvèsasyon yo genyen avèk nou, grasa kòmantè yo fè, e grasa diskou yo fè (Tra. 15:32). Ansyen yo an patikilye ede nou espirityèlman e yo ban nou bonjan ankourajman. — Iza. 32:1, 2.
5 Nan travay predikasyon an : Si w santi w kòmanse fatige, pinga w sispann preche pou sa ! Kontrèman ak anpil lòt aktivite, lè nou patisipe regilyèman nan predikasyon, sa fè nou reprann fòs (Mat. 11:28-30). Lè nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun, sa ede nou konsantre atansyon nou sou Wayòm Bondye a e sa ede nou fikse lespri nou sou lavi etènèl nou pral genyen an e sou benediksyon nou pral jwenn yo.
6 Nou gen anpil travay pou nou fè anvan sistèm de choz mechan sa a detwi. Nou gen tout rezon pou nou kenbe djanm nan sèvis n ap bay Bondye a, toutpandan nou ‘ depann de fòs Li bay ’ la (1 Pyè 4:11). Grasa èd Jewova n ap rive fini travay Li ban nou fè a paske Li “ bay moun ki fatige fòs ”. — Iza. 40:29.