Nou “ nouri ak pawòl lafwa ”
1 Pou nou mennen yon vi ki montre atachman pou Bondye, sa mande gwo efò (1 Tim. 4:7-10). Si nou ta konte sou pwòp fòs pa nou pou nou mennen yon vi konsa, nou pa t ap pran tan pou nou vin fatige e pou nou trebiche (Iza. 40:29-31). Youn nan mwayen nou ka resevwa fòs nan men Jewova se lè nou “ nouri ak pawòl lafwa ”. — 1 Tim. 4:6.
2 Manje espirityèl ki nourisan : Jewova bay manje espirityèl ki nourisan pa mwayen Pawòl li e pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Mat. 24:45.) Èske nou fè efò pa nou pou nou pwofite nouriti sa a ? Èske nou li Bib la chak jou ? Èske nou rezève tan pou nou etidye pèsonèlman e pou nou medite (Sòm 1:2, 3) ? Lè nou suiv yon bon rejim espirityèl konsa, sa ban nou fòs e sa pwoteje nou kont efè monn Satan an genyen pou l febli moun (1 Jan 5:19). Si nou ranpli lespri nou ak bagay ki edifyan e si nou aplike yo nan lavi nou, Jewova ap avèk nou. — Fil. 4:8, 9.
3 Jewova sèvi ak reyinyon kongregasyon an tou pou l fòtifye nou (Ebre 10:24, 25). Enstriksyon espirityèl ansanm ak bon frekantasyon nou jwenn nan rasanbleman sa yo ban nou fòs pou nou kenbe fèm devan eprèv n ap rankontre (1 Pyè 5:9, 10). Men sa yon jèn sè te di : “ Mwen ale lekòl pandan tout jounen an, e sa fatige m. Men, reyinyon yo tankou yon ti kote fre nan yon dezè, yon kote mwen al repran fòs pou m afwonte pwochen jou lekòl la. ” Se pa ti beni nou beni pou efò nou fè pou nou asiste reyinyon yo !
4 Pwoklame laverite : Preche lòt moun te tankou manje pou Jezi. Sa te ba li enèji (Jan 4:32-34). Menm jan an tou, lè nou pale ak lòt moun konsènan bèl pwomès Bondye yo, nou santi nou remanbre. Anplis de sa, lefètke nou okipe nan ministè a, sa fè kè nou ak espri nou rete konsantre sou Wayòm nan ak sou benediksyon k ap vini talè konsa yo. Sa vrèman rekonfòte nou. — Mat. 11:28-30.
5 Se yon bèl privilèj nou genyen pou nou pwofite manje espirityèl ki nourisan Jewova bay pèp li a jodi a. Annou kontinye pouse kri kè kontan pou louwanj li. — Izayi 65:13, 14.