BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/07 p. 1
  • Kontinye “ pwodui anpil fwi ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye “ pwodui anpil fwi ”
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • “ Kontinye pwodui anpil fwi ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Li ankouraje yo pou yo se branch ki bay fwi e pou yo vin zanmi l
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Jewova renmen moun ki “bay fwi avèk andirans”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 6/07 p. 1

Kontinye “ pwodui anpil fwi ”

1 Jezi te itilize yon langaj senbolik pou l te fè konprann se li ki vrè pye rezen an. Li te konpare Papa l ak yon kiltivatè e li te konpare disip li yo, ki te resevwa lespri sen Bondye, ak branch ki sou yon pye rezen e k ap pwodui fwi. Lè Jezi t ap dekri travay kiltivatè senbolik la ap fè, li te mete aksan sou enpòtans pou branch yo rete atache sou pye rezen an (Jan 15:1-4). Leson nou ka tire, sèke tout moun ki gen relasyon sere ak Jewova dwe sanble ak yon branch ki sou “ vrè pye rezen an ”, Jezi Kris, e li dwe ap pwodui fwi. Sa vle di, nou dwe kontinye pwodui anpil fwi, ni “ fwi lespri a ”, ni fwi Wayòm nan. — Gal. 5:22, 23 ; Mat. 24:14 ; 28:19, 20.

2 Fwi lespri a : Yon moun kapab wè nan ki pwen nou fè pwogrè nan domèn espirityèl lè li wè nan ki degre nou pwodui fwi lespri a. Èske w fè efò pou w kiltive fwi lespri Bondye a ? Si w etidye Pawòl li a regilyèman epi w medite sou li, sa ap ede w fè sa (Fil. 1:9-11). Ou pa dwe ezite pou w priye Bondye pou l ba w lespri sen, paske lespri sen ap ede w pwodui bèl kalite k ap glorifye Jewova e k ap favorize kwasans espirityèl ou. — Lik 11:13 ; Jan 13:35.

3 Lè nou kiltive fwi lespri a, sa ap ede nou vin pi zele nan ministè a. Pa egzanp, lanmou ak lafwa pouse nou patisipe regilyèman nan ministè a, byenke nou kapab gen yon pwogram ki chaje. Lapè, pasyans, bonte, dousè ak metriz kapab ede nou byen reyaji lè nou rankontre moun ki pa renmen Temwen Jewova. Lajwa ede nou jwenn satisfaksyon nan ministè a, menm lè nou rankontre moun ki pa enterese nan mesaj nou an.

4 Fwi Wayòm nan : Li enpòtan tou pou nou pwodui fwi Wayòm nan. Sa mande pou nou ofri Jewova “ yon sakrifis louwanj, sa vle di fwi lèv nou ki fè yon deklarasyon piblik pou non li ”. (Ebre 13:15.) Nou fè sa lè nou kontinye pwoklame bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl. N ap pwodui plis fwi Wayòm nan lè nou amelyore ministè nou. Èske w fè efò pou w fè sa ?

5 Jezi te fè konprann tout disip li yo pa t ap pwodui menm kantite fwi (Mat. 13:23). Se sa k fè nou pa dwe konpare tèt nou ak lòt moun, men nou dwe fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova a (Gal. 6:4). Si nou egzamine sitiyasyon nou onètman ann amoni ak sa nou jwenn nan Pawòl Bondye a, sa ap ede nou kontinye bay Jewova glwa lè nou “ pwodui anpil fwi ”. — Jan 15:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje