BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w20 jen p. 17
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Èske n ap “ kontinye mache selon lespri ” ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Èske w kite lespri Bondye gide w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Kontinye “ pwodui anpil fwi ”
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Kontinye abiye ak “nouvo pèsonalite a” apre n fin batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
w20 jen p. 17

Kesyon lektè yo poze

Èske se kalite yo site nan Galat 5:22, 23 yo sèlman ki fè pati “fwi lespri a”?

  • LANMOU

  • LAJWA

  • LAPÈ

  • PASYANS

  • BYENVEYANS

  • BONTE

  • LAFWA

  • DOUSÈ

  • METRIZ

Vèsè sa yo site nèf kalite kretyen yo dwe genyen: “Fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz.” Natirèlman, nou pa dwe konsidere bèl kalite sa yo kòmkwa se yo sèlman lespri Bondye ka ede nou devlope.

N ap remake sa apot Pòl te ekri nan vèsè ki vin anvan yo: “Zèv lachè yo [...] se imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan, idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri, rayisman, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, fè klan, anvye sò moun, bwè pou sou, banbòch ak lòt bagay menm jan an.” ​(Gal. 5:19-21). Donk, Pòl te ka site lòt bagay ankò ki fè pati “zèv lachè yo” tankou sa ki nan Kolosyen 3:5 yo. Menm jan an tou, apre l te fin site nèf bèl kalite, li te di: “Pa gen lwa ki kont bagay sa yo.” Donk, Pòl pa t ap eseye fè yon lis ki gen ladan l tout bèl kalite nou ka devlope avèk èd lespri sen.

Nou ka wè sa lè nou konpare lis sa a ak sa Pòl te ekri kongregasyon ki nan Efèz la. Li te di: “Limyè pwodui tout kalite bonte ak jistis ak verite.” ​(Efe. 5:8, 9). Wi, “bonte”, ansanm ak jistis ak verite, fè pati sa “limyè pwodui”, men tou, li se yon aspè nan “fwi lespri a”.

Nan menm sans lan tou, Pòl te ankouraje Timote pou l “kontinye devlope kalite tankou jistis, atachman pou Bondye, lafwa, lanmou, andirans ak dousè”, sis bèl kalite (1 Tim. 6:11). Se twa nan kalite sa yo sèlman (lafwa, lanmou ak dousè) yo site kòm aspè nan “fwi lespri a”. Men, se sèten Timote te bezwen kiltive lòt kalite yo, anpalan de jistis, atachman pou Bondye ak andirans e li te konnen li t ap bezwen èd lespri sen pou l vin gen kalite sa yo. — Konpare ak Kolosyen 3:12; 2 Pyè 1:5-7.

Kidonk, Galat 5:22, 23 se pa yon lis konplè ki gen tout kalite kretyen yo dwe kiltive. Lespri Bondye ka ede nou devlope nèf aspè ki gen nan “fwi lespri a”. Men, gen lòt kalite nou ka chèche genyen tank n ap vin gen plis matirite antanke kretyen e tank n ap “abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande”. — Efe. 4:24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje