BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/07 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Atansyon danje yo nan sèvi ak Entènèt !
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Entènèt — Byen sèvi ak zouti sa a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Èske m ka fè zanmi sou Entènèt?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Se yon fason pou nou ede yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
Ministè Wayòm nan — 2007
km 7/07 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Ki danje ki genyen nan kominike ak moun nou pa konnen sou entènèt ?

Gen anpil sit Entènèt ki la pou pèmèt moun kominike ak lòt moun epi kenbe kontak ak yo. Anpil nan sit sa yo pèmèt moun afiche enfòmasyon sou tèt yo. Nan enfòmasyon sa yo, yo kapab mete foto yo ak lòt enfòmasyon ankò. Konsa, lòt moun ki enterese kapab kontakte yo. Jèn yo renmen sit Entènèt sa yo anpil e gen kèk jèn kretyen ki konn itilize sit sa yo pou yo pale ak moun ki pretann se Temwen Jewova yo ye.

Li fasil pou yon moun nou pale avè l sou Entènèt ban nou manti konsènan idantite l, espirityalite l oswa mobil li (Sòm 26:4). Yon moun ki pretann se yon Temwen Jewova li ye kapab an reyalite yon non kwayan, yon moun yo eskominye, oswa yon aposta k ap chèche twonpe moun (Gal. 2:4). Dapre sa yo rapòte, anpil moun ki renmen gen rapò seksyèl ak timoun sèvi ak sit sa yo pou yo pran kontak ak timoun.

Menmsi nou konvenki moun n ap kominike avèk yo sou Entènèt gen bon repitasyon nan kongregasyon pa yo, sou Entènèt la, li fasil pou konvèsasyon nou vin santre sou sijè ki pa konvnab pou kretyen. Sa kapab rive paske li pi fasil pou moun eksprime panse yo lè y ap pale ak moun yo pa janm rankontre fasafas. Yo kapab panse sa y ap di sou Entènèt la se bagay ki sekrè e lòt moun tankou paran yo ak ansyen yo pap janm konnen sa yo di. Malerezman, yon kantite jèn ki leve nan fanmi kretyen konn vin ap itilize yon langaj ki sal sou Entènèt e konsa yo pran nan yon pyèj (Efe. 5:3, 4 ; Kol. 3:8). Gen lòt jèn toujou ki leve nan fanmi kretyen ki konn afiche foto pa yo ki eveye dezi seksyèl lakay moun. Yo konn bay tèt yo ti non ki endesan, e sou sit yo met enfòmasyon pèsonèl yo a, yo mete yon kote pou lòt moun klike pou yo ka wè yon videyo klip ki gen sèn pònografi ladan l.

Tout sa nou sot di la yo montre li enpòtan pou paran yo siveye fason pitit yo ap sèvi ak òdinatè (Pwo. 29:15). Sa t ap danjere pou nou ta envite yon moun nou pa konnen lakay nou oswa pou nou kite l poukont li ak pitit nou. Menm jan an tou, sa danjere pou nou menm oswa pou pitit nou fè zanmi sou Entènèt ak moun nou pa konnen, menmsi yo pretann se Temwen Jewova yo ye. — Pwo. 22:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje