Fason pou nou prezante peryodik yo
Toudegad 1ye oktòb
“ Mwen ta renmen konn sa w panse de pawòl ki di nan vèsè sa a ? [Li Detewonòm 32:4.] Ou pa janm mande tèt ou, si Bondye toupisan e li jis, poukisa li pèmèt gen tout soufrans ak mechanste sa yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike poukisa Bondye pèmèt mechanste kontinye egziste jiska prezan. ”
Réveillez-vous! Septanm
“ Pifò nan nou ta renmen gen yon bòn sante e nou ta renmen viv lontan. Èske w panse lè yon moun optimis, sa ka amelyore sante l ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Pwovèb 17:22.] Atik sa a montre poukisa li bon pou nou optimis. ” Prezante atik ki nan paj 26 la.
La Tour de Garde 1ye oktòb
“ Èske w pa konn tande moun di : ‘ Si m te konnen toujou dèyè ? ’ [Kite moun nan reponn.] Gade ki jan vèsè sa a montre rezon ki fè pafwa nou regrèt yon seri chwa nou te fè. [Li Jeremi 10:23.] Peryodik sa a esplike ki jan konsèy pratik nou jwenn nan Bib la kapab ede nou fè bon chwa. ”
Réveillez-vous! Oktòb
“ Èske w panse nan epòk n ap viv la gen plis danje pou timoun yo pase epòk lontan ? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun santi y ap viv nan epòk vèsè sa yo dekri la a. [Li 2 Timote 3:1-5.] Peryodik sa a bay kèk konsèy pratik sou fason paran yo kapab pwoteje pitit yo kont yon seri moun ki ta vle fè yo ditò nan domèn seksyèl. ”