Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 sept.
“ Gen dè milyon moun ki kwè ‘ sen ’ yo gen pouvwa, e yo panse li bon pou moun priye yo. Ki sa w panse de sa ? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Jezi Kris di sou sa. [Li Jan 14:6.] Gen moun vèsè sa a fè yo mande tèt yo si l bon vrèman pou moun priye ‘ sen ’. Peryodik sa a trete pwen enpòtan sa a. ”
Réveillez-vous ! 22 sept.
“ Aksyon teworis ap fè sou tè a jodi a enkyete anpil moun, e yo menm pale pou yo ta sèvi ak zam byolojik. Èske w panse gouvènman yo kapab rezoud pwoblèm teworis la ? [Kite moun nan reponn.] Bib la di nou sa Bondye anvizaje fè. [Li Ezekyèl 34:28.] Réveillez-vous ! sa a pale sou kèk nan pwen sa yo. ”
La Tour de Garde 1ye oktòb
“ Anpil moun ap mande tèt yo si pwoblèm n ap viv jodi a tankou lagè, krim ak lòt vye zak ankò ap janm fini. Ki sa w panse ou menm ? [Kite moun nan reponn.] Bib la fè nou yon pwomès ki ka rekonfòte nou. [Li Sòm 37:10, 11.] Toudegad sa a esplike poukisa Bondye poko retire mechanste ansanm ak tout soufrans sa pote. ”
Réveillez-vous ! 8 oktòb
“ Jodi a, yo konstate gen anpil fanmi ki egziste kote w jwenn se manman an, oubyen papa a k ap leve pitit pou kont li, e se yon fenomèn k ap ogmante chak jou. Bib la montre Kreyatè nou an gen konpasyon pou yo. [Li Sòm 146:9.] Réveillez-vous ! sa a montre kèk prensip biblik ki ka ede paran sa yo jwenn bon rezilta nan fason y ap leve pitit yo. ”