Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 sept.
“ Gen anpil moun, lè y ap priye, ki resite pawòl sa yo tout moun konnen. [Li Matye 6:10.] Ki jan w panse lavi a t ap ye si se volonte Bondye ki t ap fèt sou tè a ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine siyifikasyon chak pati nan priyè Nòtrepè a, e pati nou fèk sot li a ladan l tou. ”
Réveillez-vous! 22 sept.
“ Anpil moun ap enkyete yo konsènan yon pwoblèm ki vin pi mal chak jou pami jèn yo : se pwoblèm yon moun ki chita ap bwè pandan anpil tan. Èske w konn tande pale de sa ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Pwovèb 20:1.] Pwoblèm sa a ekspoze jèn yo devan anpil danje. Réveillez-vous ! sa a gen enfòmasyon ladan l ki ka ede jèn yo reziste devan presyon pou yo bwè twòp. ”
Toudegad 1ye oktòb
“ N ap tann ak enpasyans pou nou wè krim, vyolans ak lagè fini. Men, èske w panse yon jou n ap viv akonplisman pawòl sa yo ? [Li Sòm 37:11, epi kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike nou ki jan pwomès sa a makònen ak pwogram Bondye te genyen okòmansman pou lèzòm e li esplike tou kòman nou ka patisipe ladan l. ”
Réveillez-vous! 8 oktòb
“ Èske sa pa fè lapenn lè nou wè chak ane gen plizyè milyon jèn tifi ki tonbe ansent san yo pa marye ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale de kèk dispozisyon jèn tifi sa yo ka pran pou fè fas ak pwoblèm yo twouve yo a. Li pale tou sou sa paran yo ka fè pou anpeche pitit yo tonbe nan pwoblèm konsa. ” Li 2 Timote 3:15.