Rapèl pou Memoryal la
Lè Ansyen yo ap fè preparasyon pou Memoryal la, yo dwe veye sou pwen sa yo :
◼ Veye pou yo pa pase anblèm yo anvan solèy la kouche.
◼ Chèche gen pen ak diven ki apwopriye epi mete yo sou lamen. — Gade nan Toudegad 1ye mas 2003, paj 10-11.
◼ Pote asyèt, vè, tab ak nap ki konvnab nan lokal la epi tou ranje yo alavans.
◼ Sal Wayòm nan oswa lòt kote y ap fè Memoryal la dwe byen netwaye alavans.
◼ Chwazi manm sèvis akèy yo ak frè pou pase anblèm yo epi fè yo konnen responsablite yo alavans. Esplike yo fason tout bagay ap fèt e montre yo nesesite pou yo byen abiye, pou yo gen yon aparans ki diy.
◼ Yo dwe pran dispozisyon pou prezante anblèm yo bay tout kretyen wen ki enfim e ki pa kapab prezan.
◼ Lè gen plis pase yon kongregasyon ki prevwa itilize menm Sal Wayòm nan, ta dwe gen bonjan kolaborasyon ant kongregasyon yo pou evite ankonbreman nan Sal la, sou twotwa a ak nan pakin nan.
◼ Si se yon lòt kote y ap fè Memoryal la veye pou gen yon bon sistèm sonorizasyon dekwa pou tout moun nan asistans lan ka tande sa oratè a ap di.