BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/08 p. 6
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Pa bliye moun ki nan mezon retrèt yo
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Yo izole, men nou pa bliye yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Èd pou moun k ap travay nan lopital ki santi yo strese
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
Ministè Wayòm nan — 2008
km 4/08 p. 6

Repons kesyon w yo

◼ Èske yon Temwen Jewova ka al pran swen nan yon lopital oubyen nan yon mezon retrèt yon òganizasyon relijye ap dirije ?

Gen anpil lopital ak mezon retrèt se òganizasyon relijye k ap dirije yo. Jeneralman, lopital sa yo ak mezon retrèt sa yo pa fè pwomosyon pou Gran Babilòn nan (Rev. 18:2, 4). Òganizasyon relijye yo konn etabli enstitisyon sa yo kòm mwayen pou yo rantre lajan. Jodi a, gen kèk lopital se sèlman non yo ki gen rapò ak relijyon, alòske gen lòt ki gen manm klèje a pami ekip k ap dirije yo.

Si yon Temwen Jewova bezwen suiv tretman medikal oubyen si li bezwen pran swen nan yon mezon retrèt, se li menm ki dwe deside si li prale nan yon lopital oswa nan yon mezon retrèt yon òganizasyon relijye ap dirije. Konsyans yon moun gendwa pèmèt li ale, alòske konsyans yon lòt gendwa pa pèmèt li fè sa (1 Tim. 1:5). Gen kèk sitiyasyon ki ka enfliyanse desizyon moun nan ap pran nan domèn sa a, e li ta bon pou nou egzamine sitiyasyon sa yo.

Pa egzanp, nan zòn kote moun nan rete a, gendwa se jan de lopital sa yo oswa jan de mezon retrèt sa yo ki pi pre. Oubyen si gen lòt, petèt se sa ki gen yon òganizasyon relijye k ap dirije l la ki bay pi bon sèvis. Petèt se sèl lopital sa a ki pi byen ekipe pou bay moun nan swen patikilye li bezwen an, oubyen se kapab sèl lopital kote doktè oswa chirijyen pa w la kapab trete yon seri de ka. Epitou, pafwa se konn sèlman lopital ki gen òganizasyon relijye k ap dirije l la ki respekte pwennvi nou antanke kretyen konsènan kesyon san, alòske gendwa gen lòt lopital prive oswa piblik ki pa respekte pwennvi nou sou kesyon san. Sitiyasyon sa yo se kèk nan faktè nou ka gen pou nou pran an konsiderasyon lè n ap deside nan ki lopital oswa nan ki mezon retrèt nou pral pran swen.

Si w deside al pran swen nan yon lopital oswa yon mezon retrèt yon òganizasyon relijye ap dirije, ou ka annik konsidere sa kòm yon sèvis ou peye pou li. Se kòmsi w konsidere òganizasyon relijye a t ap jere yon biznis, e lefètke ou peye pou sèvis ou resevwa nan yon biznis konsa se kòmsi se yon acha ou te fè, men se pa kontribye ou kontribye pou w soutni yon fo relijyon. Ou tou senpleman peye pou yon pwodui oubyen pou yon sèvis ou resevwa.

Byennantandi, antanke kretyen, nou dwe asire nou nan ka sa yo nou pa mele ann okenn fason nan fo adorasyon. Epitou, nou pap sèvi ak tit tankou “ Monpè ” oswa “ Chèsè ” pou nou rele kèk moun ki gendwa ap travay nan lokal sa yo oswa ki gendwa ap vizite yo (Mat. 23:9). Se pou nou konsidere andwa sa yo tou senpleman tankou yon biznis kote nou resevwa yon swen oswa yon sèvis.

Lè y ap fè dosye pou ou nan jan de lopital sa yo, li bon pou w fè konnen ou se Temwen Jewova e ou ta renmen pou ansyen ki nan zòn kote lopital la ye a vizite w. Konsa, sa ap pèmèt ou resevwa èd espirityèl ki nesesè pandan tan w ap pase nan lopital la oswa nan mezon retrèt la. — 1 Tes. 5:14.

Si gen frè aje oswa sè aje ki nan yon mezon retrèt yon òganizasyon relijye ap dirije, manm fanmi yo ki kwayan, ansyen ki nan kongregasyon frè ak sè sa yo ta dwe pran swen yo kòrèkteman nan domèn espirityèl. Si nou montre nou dilijan nan sans sa a, sa ap ankouraje frè aje sa yo ak sè aje sa yo e sa ap ede yo pou yo pa mele nan aktivite tankou sèvis relijye, selebrasyon kèk fèt ak lòt aktivite menm jan an yo konn òganize nan lopital sa yo oswa nan mezon retrèt sa yo.

Li ta bon pou chak moun kenbe pwen sa yo nan lespri yo, dekwa pou yo pran an konsiderasyon tout aspè ki enplike nan desizyon y ap pran anrapò ak lopital oswa mezon retrèt y ap chwazi. — Gal. 6:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje