Pa bliye moun ki nan mezon retrèt yo
1. Poukisa li enpòtan pou nou pataje bon nouvèl la ak moun k ap viv nan mezon retrèt yo?
1 Anpil moun ap fè fas ak gwo pwoblèm moun ki rantre nan laj yo konn genyen (Ekl. 12:1-7). Gen kèk granmoun k ap viv nan mezon retrèt, se sa k fè li pa toujou fasil pou nou rive jwenn yo nan travay predikasyon kay an kay n ap fè a. E se menm bagay la tou pou peyi kote moun ki aje yo konn ap viv ak pitit yo oswa ak lòt moun nan fanmi yo. Gen nan moun aje yo, li ka pa fasil pou yo deplase, e genyen, petèt, ki kòmanse pèdi memwa. Men, ni moun aje sa yo ni lòt moun aje k ap viv nan mezon retrèt yo ka toujou aprann konnen Jewova e yo ka vin renmen l. Ki sa nou ka fè pou nou pataje bon nouvèl “esperans ki bay kè kontan an” avèk yo? — Tit 2:13.
2. Ki sa nou ka fè pou nou ka genyen yon lis lokal ki pran swen moun aje, yon fason pou n ka al vizite lokal sa yo?
2 Sa nou ka fè pou kòmanse: An jeneral, nou ka chèche konnen ki kote yo konn pran swen moun ki aje, ou ka fè sa pa mwayen ànyè telefòn oswa sou Entènèt. Nou gendwa chèche adrès mezon retrèt yo oswa adrès lòt kote yo pran swen moun ki aje. Siveyan sèvis la ka chwazi pwoklamatè ki kalifye pou al vizite lokal sa yo. Lè gen bon planifikasyon e lè nou konte sou Jewova, souvan, li posib pou nou kòmanse yon etid Labib avèk yon gwoup moun. — Pwo. 21:5; 1 Jan 5:14, 15.
3, 4. a) Ki moun nou ka prezante pwogram etid Labib an gwoup la? b) Ki jan w ka planifye etid Labib la ak moun sa a?
3 Fason nou pral ofri etid yo pral depann sou fason lokal sa a fonksyone. Nan gwo lokal ki gen anpil moun ki aje e ki gen anpil moun k ap travay nan lokal sa yo, li pi bon pou n mande resepsyonis lan si nou ka pale ak moun ki responsab lokal la. Nan lokal kote se kèk moun aje k ap viv ladan l, e gen de oswa twa moun ki la pou pran swen moun aje sa yo, li pi bon pou nou pale dirèkteman avèk moun ki responsab lokal la.
4 Kèlkeswa sitiyasyon an, ou dwe fè konnen ou se yon volontè k ap ankouraje moun, sitou moun ki renmen li Labib e ki renmen pale sou li. Mande si pa gen youn nan moun aje yo ki ta renmen fè yon ti pale sou Bib la an gwoup pandan anviwon 30 minit chak semèn. Yon pwoklamatè ka sèvi ak plizyè piblikasyon, men gen anpil pwoklamatè ki wè moun yo plis renmen Liv istwa biblik mwen an ak liv Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a. Li ta bon pou nou montre moun ki responsab lokal la piblikasyon nou genyen yo. Nou ka pale sou ki jou, ki lè e ki kote k ap pi bon pou nou fè ti pale ak gwoup la. E konsa y ap ka mete pwogram sa a sou aktivite yo te deja konn fè nan lokal la. Pa pran tan pou w fè moun yo konnen ou se Temwen Jewova. Ede moun ki responsab la konprann nou pap vin fè yon sèvis relijye nan lokal la, men pito, nou vini pou n ankouraje moun yo aprann plis bagay sou Bib la.
5. Bay kèk sijesyon ki ka fè etid la enteresan e ki ka fè moun yo jwenn byenfè ladan l.
5 Fason pou nou fè etid la: Fason n ap fè etid la ap depann sou fason lokal la fonksyone. Donk, nou dwe dispoze adapte nou lè n wè sa nesesè. Pwoklamatè k ap fè etid la dwe mache ak plizyè nan piblikasyon l ap egzamine ak moun yo, e l ap ranmase yo lè l fin fè etid la. Li ka nesesè pou l mache ak kèk nan piblikasyon sa a ki ekri an gwo lèt pou kèk nan moun yo. Jan nou abitye fè sa, li ka li paragraf yo, apre sa li ka poze kesyon yo epi kite moun yo reponn. Si gen moun ki kapab li paragraf yo oswa vèsè yo e ki vle fè sa, li ka envite yo pou yo li. Mete moun yo alèz pou yo patisipe nan etid la, felisite yo e demontre jantiyès anvè yo. Pwoklamatè a ka mande direktè a pèmisyon pou l pase yon videyo òganizasyon an ki kapab fòtifye lafwa moun yo nan Bib la oubyen ki kapab mete aksan sou leson yo ka aprann nan yon istwa biblik. Nou ka fè sa detanzantan. Nou ka kòmanse etid la ak yon priyè tou kout, e nou ka fè menm jan an tou lè nou fin fè etid la. Gen kèk pwoklamatè ki menm pase kantik.
6. Ki sa n ka fè si gen yon moun ki pa dakò ak yon bagay nou li oswa yon bagay nou di pandan etid la?
6 Ki sa nou dwe fè si yon moun pa dakò ak yon bagay nou li oswa yon bagay nou di pandan etid la? Se pou nou byen reflechi anvan nou pale (Kol. 4:6). Petèt, nou ka li yon vèsè biblik ki ka ede moun nan wè sa Bib la di aklè sou sa l te di a. Si l pa posib nan moman sa a pou nou li yon vèsè, petèt l ap pi bon pou nou fè moun nan konnen nou pran an konsiderasyon sa l di a, e nou ka mande l pou nou fè yon ti pale avè l apa apre etid la.
7. Ki sa n ka fè si yon moun aje poze yon kesyon oswa si l montre li vrèman enterese?
7 Pafwa, yon moun aje ka poze yon kesyon oswa fè konnen li vle aprann plis. Men sa yon sè konn di lè l nan ka sa a: “Se yon bèl kesyon ou poze. Men, etandone se ou ki ta renmen jwenn repons kesyon sa a, sa w panse si nou fè yon ti pale sou sa apre n fin fè etid la?” Souvan, li posib pou nou fè aranjman pou n etidye Labib ak yon moun aje ki enterese. Nou ka fè sa apa e nou ka fè sa yon lòt lè.
8. Ki jan pou nou konte etid ki fèt an gwoup ak etid nou fè apa yo?
8 Jeneralman, li pi bon si se menm Temwen yo ki toujou fè etid la ak moun yo nan lokal la. Pwoklamatè ki patisipe nan etid sa a ka konte lè a. Lè etid la fin tabli, chak fwa pwoklamatè k ap kondui etid ak gwoup moun yo fè etid la, l ap konte yon vizit. Anplis de sa, l ap konte yon etid pou mwa a. Si n ap fè etid ak yon moun ki gen kapasite pou l konprann e pou l aprann, nou ka konte etid la, jan nou abitye fè sa.
9, 10. Ki kalite pwoklamatè k ap fè etid an gwoup ak moun aje yo ap bezwen genyen? Esplike.
9 Toujou fè etid la: Li pi bon si nou gen yon jou ak yon lè fiks pou nou fè etid an gwoup la. Moun aje yo ak moun k ap travay nan lokal la ap atann pou nou toujou fè etid la, e pou nou kòmanse etid la alè e pou nou fini l alè (Mat. 5:37). Donk, li enpòtan pou nou serye, nou dwe dispoze ede moun yo e nou dwe montre nou se moun ki gen lòd lakay nou. Selon eksperyans kèk pwoklamatè fè, yo wè li pi bon lè se de pwoklamatè kalifye ki travay ansanm pou yo kondui etid an gwoup la (Ekl. 4:9, 10). Nan lokal ki pi gwo yo, li ka nesesè pou gen plis pwoklamatè.
10 Anplis de sa, li enpòtan pou nou demontre jantiyès e pou nou montre nou enterese nan moun yo (Fil. 2:4). Nan premye vizit la, pran tan pou nou fè konesans ak chak moun aje ki nan gwoup la. Ekri non yo e fè efò pou w sonje non yo anvan w al fè pwochèn etid la. Lè nou demontre pasyans ak konpasyon anvè moun aje yo, sa ka fè tout moun santi yo alèz e sa ka fè yo santi nou ba yo valè.
11. Ki jan pwoklamatè k ap kondui etid an gwoup la ka demontre respè pou moun ki travay nan lokal la ak pou fanmi moun aje yo?
11 Anplis de sa, li enpòtan anpil pou pwoklamatè yo demontre respè ak jantiyès anvè moun k ap travay nan lokal la, e anvè fanmi moun aje yo. Yonfwa etid la fin tabli, li pa t ap bon pou nou chanje lè a oswa pwogram nou deja genyen an, san nou pa pale sou sa ak moun ki responsab la. Detanzantan, pale ak moun ki responsab la, yon fason pou w ka konnen ki efè etid la genyen sou moun aje yo. Lè fanmi moun ki aje yo vin wè yo pandan etid la ap fèt, chèche fè konesans ak moun sa yo. Fè yo konnen rezon ki fè w ap fè etid biblik sa a ak moun yo. Fè yo konnen jan w enterese ak manm fanmi yo a. Envite yo pou yo asiste etid la.
12, 13. Pale sou kèk eksperyans ki montre byenfè nou jwenn lè nou bay temwayaj nan mezon retrèt yo.
12 Rezilta: Siveyan itineran yo ak kongregasyon yo fè konnen travay sa a bay bon rezilta. Nan yon lokal, te gen anviwon 20 moun aje ki te asiste premye etid an gwoup la. Kòm rezilta, te vin gen sis nan moun aje sa yo ki te aksepte pou yo fè yon etid Labib avèk yo apa. E gen youn ladan yo ki te menm rive batize. Nan yon lòt lokal, etid Labib yo te fè an gwoup la te ankouraje yon fi ki gen 85 an pou l asiste reyinyon ki fèt nan kongregasyon ki toupre l la, e li te fè konnen li vle batize. Nan yon lòt lokal, lè yo te redui nan aktivite yo fè pou moun aje yo, sa ki te lakòz yo te retire etid Labib an gwoup Temwen Jewova yo t ap fè a sou pwogram nan, moun aje sa yo te fè responsab lokal la konnen yo pa dakò ak desizyon sa a. Pi devan, yo te rekòmanse etid la, e apre te gen ant 25 ak 30 moun aje ki te asiste etid la.
13 Lanmou nou demontre pou moun aje k ap viv nan mezon retrèt yo pa gen yon gwo efè sou moun aje sa yo sèlman. Pa egzanp, souvan moun k ap travay nan lokal la konn asiste etid la e yo konn menm patisipe ladan l. Anplis de sa, gwo efò nou fè pou nou demontre nou enterese nan moun aje k ap viv nan mezon retrèt yo konn bay moun k ap viv nan kominote a yon bèl temwayaj (1 Pyè 2:12). Apre yo te fin di responsab yon lokal objektif etid an gwoup yo fè ak moun aje yo, men sa responsab la te di: “Tann dat nou t ap tann yon pwogram konsa. Ki lè n ap kòmanse?” Men sa responsab yon lòt lokal te ekri: “Se pa ti ankouraje mwen ankouraje tout lòt mezon retrèt nan zòn nan pou yo gen yon gwoup etid konsa. Temwen Jewova yo fè travay sa a kòm patisipasyon pa yo nan ede kominote yo a, e yo fè sa gratis!” Gen yon mezon retrèt nan Awayi ki te bay Temwen Jewova yo yon sètifika pou felisite yo pou bon travay yo fè pou yo ede moun aje ki nan mezon sa a.
14. Poukisa nou ta dwe efò pou nou rive preche moun k ap viv nan mezon retrèt yo?
14 Bib la ankouraje moun aje yo pou yo louwe Jewova (Sòm 148:12, 13). Moun k ap viv nan mezon retrèt yo ladan l tou. Èske gen moun k ap viv nan mezon retrèt nan tèritwa pa w la ki ta byen kontan tande bon nouvèl la? Grasa èd ansyen yo nan kongregasyon an ak responsab mezon retrèt yo, nou ka rive bay moun k ap viv nan mezon retrèt yo yon bon temwayaj. Lè nou sonje moun ki aje yo, nou imite Jewova. — Sòm 71:9, 18.