BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/08 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Paran, leve pitit ou avèk amou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Ministè Wayòm nan — 2008
km 9/08 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Èske toule de paran yo ka konte lè yo fè nan etid familyal la ?

Byenke se papa a sitou ki gen responsablite pou l leve timoun yo “ nan disiplin ak nan avètisman Jewova ”, se toule de paran yo ki patisipe nan fòmasyon y ap bay timoun yo (Efe. 6:4). Men ankourajman Bib la bay timoun yo : “ Pitit gason m, koute disiplin papa w, epi pa abandone lalwa manman w. ” ​(Pwo. 1:8). Yon aspè enpòtan nan fòmasyon paran yo ap bay timoun yo se etid yo fè nan Bib la ak fanmi an.

Lontan, se paran ki kondui yon etid familyal ak timoun ki poko batize yo ki te konn konte lè l fè a, menm lè toule de paran yo te patisipe nan etid la. Sepandan, gen yon ajisteman ki fèt nan fason pou yo konte lè a. Si toule de paran yo patisipe nan ansèyman y ap bay timoun yo pandan etid familyal la, nan ka sa a, chak semèn, yo toule de ka konte inèdtan maksimòm. Natirèlman, an jeneral paran yo pase plis pase inèdtan pa semèn ap anseye pitit yo. Bay timoun fòmasyon se yon aktivite ki mande pou toule de paran yo toujou ap fè efò (Det. 6:6-9). Sepandan, se sitou aktivite yo akonpli nan ministè a yo dwe mansyone nan rapò sèvis yo bay chak mwa a. Se sa k fè, yo pa dwe konte plis pase inèdtan pa semèn, menmsi etid la dire plis pase inèdtan, menmsi yo kondui l plis pase yon fwa pa semèn, e menmsi yo fè etid chak timoun apa. Se yon sèl paran k ap konte etid familyal la e se yon sèl nouvèl vizit l ap konte chak semèn li kondui etid la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje