BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/03 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Pwogram pou fanmi an — Etid familyal
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Fason siveyan etid liv yo demontre yo enterese nan nou pèsonèlman
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 11/03 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Èske yon moun ta dwe remèt yon rapò nan kongregasyon an pou yon etid biblik li fè avèk fanmi l ?

Si yon paran ki kretyen ap dirije yon etid biblik ak fanmi li e nan etid la gen timoun ki poko batize, li kapab konte inèdtan ak yon vizit o maksimòm chak semèn. L ap konte l kòm yon sèl etid biblik pou mwa a. Se konsa pou l kontwole etid la, menmsi l dire plis pase inèdtan, menmsi l kondui l plizyè fwa nan semèn nan. E se konsa pou l kontwole l tou, menmsi l kondui etid chak timoun apa. — Gade nan liv Notre ministère la, p. 105.

Si tout moun nan kay la se Temwen batize, yo pap konte ni lè a, ni etid la nan rapò predikasyon yo (sof si gen youn nan timoun yo ki toujou ap etidye dezyèm liv la apre batèm li). Rezon prensipal la se paske sa ki dwe parèt nan rapò aktivite kongregasyon an, se sa ki reyalize nan predikasyon bon nouvèl la ak sa ki reyalize lè nou transmèt verite ki nan Bib la bay moun ki poko vwe lavi yo bay Jewova e ki poko batize (Mat. 24:14 ; 28:19, 20). Sepandan, nan okenn fason, sa pa diminye enpòtans sa genyen pou nou kondui yon etid familyal regilyèman.

Se responsablite paran ki kretyen yo pou yo etidye ak pitit yo. Moun ki bezwen èd pou yo kòmanse yon etid familyal lakay yo oubyen ki bezwen amelyore etid la kapab mande ansyen yo pou ba yo yon koutmen. Si nan kongregasyon an, gen sikonstans nan yon fanmi ki montre li ta pi bon pou se yon lòt pwoklamatè ki kondui yon etid ak yon timoun ki poko batize, kit se tifi kit se tigason, se pou yo kontakte siveyan prezidan an oswa siveyan sèvis la. Si yo dakò pou yon etid konsa fèt, moun k ap kondui etid la kapab bay yon rapò menm jan li t ap fè l pou nenpòt lòt etid biblik.

Fòmasyon n ap bay timoun yo nan chemen Jewova a mande plis tan ak plis efò pase sa nou make sou yon rapò predikasyon (Det. 6:6-9 ; Pwo. 22:6). Paran ki kretyen yo merite felisite poutèt yo pran gwo responsablite yo genyen pou yo leve pitit yo “ nan disiplin ak nan avètisman Jewova ”. — Efe. 6:4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje