Ou kapab vin yon anseyan !
1. Ki opòtinite espesyal tout pwoklamatè Wayòm nan genyen ?
1 Youn nan aspè nan ministè a ki ban nou plis satisfaksyon se anseye yon moun laverite. Lè nou wè moun sa a byen reyaji devan mesaj Wayòm nan e lè nou ede l vin pwòch ak Souvren linivè a, sa ban nou satisfaksyon e vrèmanvre se yon eksperyans nou tout ta dwe anvi fè (Jak 4:8). Tout pwoklamatè Wayòm nan ta dwe gen objektif pou yo anseye yon moun ki swaf laverite e pou yo wè moun sa a kòmanse fè gwo chanjman nan pèsonalite l, nan fason l panse ak nan konduit li. — Mat. 28:19, 20.
2. Poukisa kèk moun ka ezite kondui etid biblik, e ki sa k ap ede yo rezoud pwoblèm sa a ?
2 Konte sou Jewova : Nan tan lontan, gen sèvitè fidèl Jewova ki te santi yo pa kalifye ase pou yo akonpli misyon Jewova te konfye yo. Moyiz, Jeremi, Amòs ak lòt moun ki te òdinè te konte sou Jewova, sa te fè yo rive venk dout yo te genyen e yo te rive fè travay ki enpòtan (Egz. 4:10-12 ; Jer. 1:6, 7 ; Amòs 7:14, 15). Apot Pòl te ‘ mete kran sou li ’, literalman sa vle di li te ‘ rive pale avèk kran ’. Ki sa ki te pèmèt li fè sa ? Li te fè konnen se “ grasa Bondye ”. (1 Tes. 2:2, nòt anba paj.) Wi, nou tout ka gen konfyans Jewova ap ede nou, l ap ban nou sajès ak fòs nou bezwen pou nou kondui etid biblik k ap pwogrese. — Iza. 41:10 ; 1 Kor. 1:26, 27 ; 1 Pyè 4:11.
3, 4. Ki fòmasyon ki disponib pou ede nou anseye Pawòl Bondye a ?
3 Aksepte fòmasyon : Pou nou ka vin byen kalifye antanke anseyan, Jewova Dye, Gran Pwofesè nou an, ban nou fòmasyon grasa yon pwogram edikasyon espirityèl nou jwenn regilyèman (Iza. 54:13 ; 2 Tim. 3:16, 17). Nou dwe aksepte fòmasyon sa a, e n ap fè sa lè nou pwofite tout dispozisyon li pran pou nou rive konprann Bib la pi byen e pou nou amelyore kapasite nou genyen pou nou anseye verite ki ladan l yo. Byenke se sitou Lekòl ministè teyokratik la ak Reyinyon sèvis la ki la pou ban nou fòmasyon sa a, se tout reyinyon kongregasyon an ki fòme nou pou nou anseye Pawòl Bondye a.
4 Nou dwe fè tout efò nou pou nou aprann anseye ata verite espirityèl ki pwofon yo yon fason ki senp. Men ki esplikasyon liv École du ministère la bay nan paj 227 : “ Si w vle fè lòt moun konprann yon sijè, ou menm ou dwe byen konprann li. ” Lè nou fè kòmantè nan reyinyon yo, sa ap ede nou fikse pwen prensipal yo nan lespri nou yon fason pou nou ka sèvi avèk yo pi devan. Kidonk, se pou nou byen prepare, e konsa, n ap vin gen plis konfyans nan kapasite nou genyen pou nou anseye.
5. Ki lòt fòmasyon nou jwenn nan kongregasyon an ki ede nou pwogrese antanke anseyan ?
5 Pa gen dout, depi okòmansman, minis kretyen yo te aprann youn nan men lòt pandan y ap patisipe ansanm nan travay fè disip la (Lik 10:1). Si sa posib, akonpaye pwoklamatè ki gen eksperyans yo tankou pyonye yo, ansyen yo ak siveyan itineran yo, nan etid biblik yo. Gade fason yo sèvi ak egzanp ki senp e fason yo sèvi ak lòt èd yo jwenn nan piblikasyon nou etidye ak moun yo pou yo esplike verite biblik yo. Mande yo ban nou kèk konsèy sou sa nou ka fè pou nou vin yon pi bon anseyan (Pwo. 1:5 ; 27:17). Annou montre nou rekonesan pou fòmasyon sa yo nou resevwa, annou konsidere yo pou sa yo ye a, sa vle di yon fòmasyon Bondye ban nou. — 2 Kor. 3:5.
6. Ki sa sitou ki nesesè pou yon moun vin yon anseyan Pawòl Bondye a ?
6 Konte sou Jewova epi pwofite fòmasyon li bay la. Priye konsènan pwogrè w ta renmen fè (Sòm 25:4, 5). Ou menm tou ou ka gen jwa pou w ede yon moun vin yon anseyan Pawòl Bondye a, menm jan avèk ou.