Pa souzestime tèt ou: Venk santiman ki fè w kwè ou pa kalifye a
1. Poukisa kèk pwoklamatè pè ofri moun etid biblik?
1 Èske w pè ofri moun etid biblik paske w pa kwè nan kapasite w genyen pou w byen kondui yon etid biblik? Pafwa, kèk sèvitè fidèl Bondye nan tan lontan, tankou Moyiz ak Jeremi, te panse yo pa kalifye pou yo akonpli misyon Jewova te konfye yo (Egz. 3:10, 11; 4:10; Jer. 1:4-6). Kidonk, li kouran pou moun gen yon santiman konsa. Ki sa nou ka fè pou nou venk santiman sa a?
2. Poukisa nou pa dwe kontante nou pou nou preche kay an kay sèlman epi pou nou kite aktivite kondui etid biblik la pou lòt moun?
2 Nou bezwen sonje, Jewova pa janm mande nou fè yon bagay ki twòp pou nou (Sòm 103:14). Konsa, misyon li ban nou pou nou “fè disip” la e pou nou “anseye yo”, se youn nan misyon nou kapab akonpli (Mat. 28:19, 20). Se pa moun ki gen plis eksperyans pami nou yo oubyen moun ki gen plis talan yo sèlman Jewova bay privilèj sa a (1 Kor. 1:26, 27). Se sa k fè, nou pa dwe kontante nou pou nou preche kay an kay sèlman epi pou nou kite aktivite kondui etid biblik la pou lòt moun.
3. Ki sa Jewova fè pou l kalifye nou pou nou patisipe nan aktivite kondui etid biblik la?
3 Se Jewova ki kalifye nou: Se Jewova ki kalifye nou pou nou fè disip (2 Kor. 3:5). Jewova sèvi ak òganizasyon l lan pou l anseye nou verite ki nan Bib la. Menm moun ki pi byen fòme nan monn nan pa konnen verite sa yo (1 Kor. 2:7, 8). Jewova te fè konsève metòd Jezi, Gran Anseyan an, te konn itilize pou l anseye moun yo pou nou. Li fè sa yon fason pou nou ka imite yo. E li kontinye ban nou fòmasyon grasa òganizasyon l lan. Mete sou sa, Jewova pa kite se nou menm ki deside ki piblikasyon n ap itilize pou nou anseye moun yo verite ki nan Bib la. Li ban nou zouti, tankou liv Sa Labib anseye a ki prezante verite ki nan Bib la yon fason lojik, yon fason ki fasil pou moun konprann. Kidonk, kondui etid biblik ka pi fasil pase sa nou panse.
4. Poukisa nou ka gen konfyans Jewova ap ede nou?
4 Moyiz ak Jeremi te rive akonpli misyon Jewova te konfye yo a grasa èd Jewova te ba yo (Egz. 4:11, 12; Jer. 1:7, 8). Nou ka mande Jewova pou l ede nou tou. Epitou, lè n ap kondui etid, se verite sou Jewova n ap anseye moun yo, e sa fè Jewova plezi (1 Jan 3:22). Se sa k fè, nou dwe fikse objektif pou nou patisipe nan aktivite kondui etid biblik la, youn nan aktivite ki bay plis kè kontan e ki fè moun jwenn anpil benediksyon nan ministè a.