Lè nou preche, sa fè nou rete djanm nan domèn espirityèl
1. Ki byenfè nou jwenn lè nou patisipe nan travay predikasyon an ?
1 Lè nou patisipe aktivman nan travay predikasyon an, sa ka fòtifye nou espirityèlman e sa ka fè nou vin gen plis jwa. Natirèlman, prensipal rezon ki fè nou patisipe nan ministè a se paske nou vle fè Jewova plezi. Sepandan, lè nou obeyi kòmandman ki di pou nou “ preche pawòl la ”, nou jwenn anpil benediksyon nan men Jewova e nou jwenn lòt kalite byenfè ankò (2 Tim. 4:2 ; Iza. 48:17, 18). Men, ki jan travay predikasyon an ka fòtifye nou e ki jan li ka fè nou vin gen plis jwa ?
2. Nan ki sans ministè a fòtifye nou ?
2 Nou jwenn fòs ak benediksyon : Lè nou preche, sa ankouraje nou pou nou konsantre nou sou benediksyon nou jwenn lefètke n ap defann enterè Wayòm nan, olye nou konsantre nou sou latwoublay ki genyen nan monn nan (2 Kor. 4:18). Lè n ap esplike moun yo ansèyman ki nan Bib la, sa fòtifye lafwa nou genyen nan pwomès Jewova yo e sa fè nou vin pi rekonesan anvè Jewova pou laverite li ban nou (Iza. 65:13, 14). Ofiramezi n ap ede lòt moun pou yo grandi nan domèn espirityèl dekwa pou yo sispann “ fè pati monn nan ”, nou menm tou nou vin gen plis detèminasyon pou nou pa fè pati monn nan. — Jan 17:14, 16 ; Wom. 12:2.
3. Ki jan ministè a ede nou kiltive yon seri kalite nou dwe genyen antanke kretyen ?
3 Lè nou patisipe nan ministè a, sa ede nou kiltive yon seri kalite nou dwe genyen antanke kretyen. Pa egzanp, lè nou fè tout sa nou kapab pou nou vin “ tout bagay pou tout kalite moun ”, sa ede nou vin gen imilite (1 Kor. 9:19-23). Lè nou pale ak moun ki “ depafini e ki gaye tankou mouton ki san bèje ”, sa pouse nou gen konsiderasyon pou lòt moun e sa ede nou aprann mete nou nan plas lòt moun (Mat. 9:36). Lè nou pèsevere malgre endiferans oswa opozisyon, sa fè nou vin gen andirans. N ap vin gen plis jwa lè nou itilize lavi nou pou nou ede lòt moun. — Tra. 20:35.
4. Ki jan w konsidere ministè w ?
4 Ala yon benediksyon sa ye, lefètke nou gen yon ministè ki glorifye sèl Moun ki merite pou yo adore l la ! Ministè sa a fòtifye nou e li pote anpil benediksyon pou moun ki angaje yo ladan l konplètman lè yo ‘ bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la ’. — Tra. 20:24.