Èske w ka ogmante patisipasyon w nan ministè a?
1. Ki bezwen ijan ki genyen nan ministè a, e poukisa?
1 Lè Jezi te wè gwo kantite moun ki te enterese nan bon nouvèl Wayòm nan, li te di disip li yo pou yo “priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a”. (Mat. 9:37, 38.) Etandone nou nan denye moman rekòt la, li vin pi ijan toujou pou nou fè travay sa a. Sa vle di se pou nou reflechi nan lapriyè sou fason nou kapab ogmante patisipasyon nou nan ministè a. — Jan 14:13, 14.
2. Ki jan kèk moun reyaji devan bezwen ki genyen pou plis moun vin travay nan rekòt la?
2 Fason nou ka ogmante patisipasyon nou nan ministè a: Grasa èd ak direksyon Jewova, gen anpil moun ki rive pran sèvis pyonye (Sòm 26:2, 3; Fil. 4:6). Gen moun ki fè yon efò espesyal pou yo pran sèvis pyonye oksilyè pandan yon mwa oswa plizyè mwa chak ane. Yo twouve se yon bon fason pou yo ogmante patisipasyon yo nan ministè a. Kontantman yo jwenn nan bèl travay sa a fè anpil nan yo egzamine posiblite pou yo antreprann sèvis pyonye pèmanan. — Tra. 20:35.
3. Si w te konn sèvi antanke pyonye deja, sou ki sa li ta bon pou w reflechi?
3 Èske w ka repran sèvis pyonye?: Si w te konn sèvi antanke pyonye deja, sandout ou toujou gen bèl souvni grasa eksperyans ou te fè yo. Èske w reflechi nan lapriyè sou posiblite pou w repran sèvis sa a? Rezon ki te fè w sispann sèvis pyonye a gendwa pa anpeche w repran sèvis la. Petèt moman an rive pou w jwi bèl privilèj sa a ankò. — 1 Jan 5:14, 15.
4. Ki posiblite san parèy ki devan nou tout?
4 Travay rekòt la byen avanse, e pa gen anpil tan ki rete anvan l fini (Jan 4:35, 36). Se pou nou tout egzamine sitiyasyon nou pou nou wè si nou kapab fè ajisteman nan pwogram nou yon fason pou nou ogmante patisipasyon pa nou nan ministè a. Men si nou pa gen okenn mwayen pou nou ogmante patisipasyon nou toutbonvre, èske nou kapab jwenn yon fason pou nou vin pi efikas nan ministè a (Mak 12:41-44)? Ala yon kokenn privilèj ki devan tout moun ki gen posiblite pou Jewova sèvi ak yo nan objektif pou l akonpli travay rekòt la, yon travay ki san parèy! — Sòm 110:3.