Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye oktòb
“Jodi a, gen anpil moun ki prèske pa kwè nan yon Kreyatè ankò. Daprè ou menm, poukisa sa rive? [Kite moun nan reponn.] Vèsè sa yo ban nou youn nan rezon ki ka lakòz sa. [Li Abakouk 1:2, 3.] Atik sa a ap ede w reponn kèk kesyon moun konn abitye poze konsènan Bondye, kesyon ki konn lakòz kèk moun manke lafwa nan Bondye.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 11 lan.
Réveillez-vous! Oktòb
“Èske w pa dakò jodi a fanmi yo ap rankontre anpil difikilte? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun pa prete atansyon ak konsèy pratik nou jwenn nan Bib la. Annou gade yon egzanp nan vèsè sa a. [Li yon vèsè nou jwenn nan peryodik la.] Nimewo Réveillez-vous ! espesyal sa a montre fason prensip ki nan Bib la ka ede fanmi yo fè fas ak divès sitiyasyon y ap rankontre.”
La Tour de Garde 1ye novanm
“Èske w panse tout sa yo anseye nan legliz yo se nan Bib la yo soti? [Kite moun nan reponn.] Bib la avèti nou pou nou pran prekosyon pou moun pa twonpe nou ak fo ansèyman. [Li Kolosyen 2:8.] Peryodik sa a bay sis bagay yo anseye nan legliz yo ki kontrè ak sa Pawòl Bondye a di.”
Réveillez-vous! Novanm
“Gen yon seri gadjèt elektwonik, tankou telefòn selilè, òdinatè, ki vin fè pati lavi moun yo. Èske w panse lè moun sèvi ak gadjèt elektwonik sa yo sa fè yo sove tan oubyen sa fè yo gaspiye tan? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun ap dakò ak pawòl ankourajan sa yo ki mande nou pou nou byen sèvi ak tan nou. [Li Efezyen 5:15, 16.] Peryodik sa a pale sou fason nou ka itilize aparèy elektwonik yo yon fason ekilibre e avèk prekosyon.”