BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/10 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 5/10 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye me

“Nan ki sans monn nan t ap diferan si tout moun te suiv pawòl sa yo Jezi te di? [Li Matye 7:12. Apre sa, kite moun nan reponn.] Atik sa a egzamine kèk nan ansèyman Jezi yo ki montre sa sa vle di toutbonvre lè yon moun kretyen.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 16 la.

Réveillez-vous! Me

“Èske w panse sitiyasyon ekonomik lan ap vin pi bon talè konsa? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun pa konnen jan Bib la ka ede nou nan tan difisil sa yo. [Li yon vèsè nou jwenn nan atik la.] Atik sa a montre jan konsèy nou jwenn nan Bib la ka ede nou fè fas ak pwoblèm nou rankontre nan peryòd sa yo kote sitiyasyon ekonomik la pa vrèman sèten.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 18 la.

La Tour de Garde 1ye jen

“Kontrèman ak jan sa te ye nan ane ki pase yo, jodi a anpil legliz pa pale de peche. Èske w panse lè moun ap pale de peche se yon sijè ki demode, oubyen èske w panse se yon sijè nou bezwen reflechi sou li? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Women 5:12.] Peryodik sa a montre sa Labib di sou peche.”

Réveillez-vous! Jen

“Sanble lavi a vin pi stresan chak jou. Ki sa w panse ou menm? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun panse pawòl sa yo esplike youn nan rezon ki fè gen anpil strès konsa. [Li 2 Timote 3:1.] Peryodik sa a egzamine jan strès afekte nou. Anplis de sa, li bay kèk konsèy sou fason nou ka rive metrize strès nou genyen.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje