BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/09 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 3/09 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye mas

“ Li ka vrèman difisil pou nou fè sa ki dwat lè lòt moun ap fè presyon sou nou pou nou fè lekontrè. Ki sa w panse ki ka anpeche w sede lè w nan yon sitiyasyon konsa ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Pwovèb 29:25.] Atik ankourajan sa a bay senk rezon ki fè nou dwe fè Bondye plezi olye nou fè lèzòm plezi. ” Montre atik ki kòmanse nan paj 12 la.

Réveillez-vous! Mas

“ Nou tout renmen lè nou gen bon zanmi. Ki kalite konsa ou ta renmen pou zanmi w genyen ? [Kite moun nan reponn] Nan vèsè nou pral li la a, remake ki jan Bib la dekri yon vrè zanmi. [Li Pwovèb 17:17.] Nan atik sa a, w ap jwenn sijesyon k ap ede w chwazi bon zanmi e k ap ede w vin bon zanmi pou lòt moun. ” Montre atik ki kòmanse nan paj 18 la.

La Tour de Garde 1ye avril

“ Mwen ta renmen konn opinyon w sou sa Jezi te di nan vèsè nou pral li la a. [Li Jan 3:3.] Ki sa w panse ekspresyon fèt yon lòt fwa ankò a vle di ? [Kite moun nan reponn.] Si nou byen konprann sa Jezi te vle di lè l te di pawòl sa a, sa ap enfliyanse ni lavi nou ni espwa nou genyen pou lavni. Peryodik sa a esplike poukisa. ”

Réveillez-vous! Avril

“ Sanble gen anpil elèv lekòl ki anba strès. Èske w panse bagay yo chanje parapò ak lè paran yo te elèv ? [Kite moun nan reponn.] Lè yon moun enkyete l depase limit, sa ka gen move efè sou li. [Li Eklezyas 7:7a.] Peryodik sa a montre fason adilt yo ka ede jèn yo fè fas ak pwoblèm sa a. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje