Èske w sèvi ak enfòmasyon ki sou do peryodik yo?
Lè yon moun pran yon peryodik, an jeneral, li gade po peryodik la, ansuit, san reflechi, li vire l pou l fè yon ti gade nan do l. Nan do Toudegad pou piblik la, gen kesyon ak enfòmasyon ki la pou atire atansyon moun yo e yo tou mete nimewo paj yo kote repons kesyon yo ye.
Nou ka sèvi ak pati sa a pou chèche kèk bon ide dekwa pou nou ka poze kesyon pou kòmanse yon konvèsasyon. Si nou preche nan tèritwa a souvan, nou ka chanje prezantasyon nou abitye itilize a lè nou sèvi ak diferan kesyon pandan mwa a. Si moun nou rankontre a okipe, nou ka fè yon prezantasyon ki pi kout lè nou montre l youn nan kesyon ki nan do Toudegad la e nou di l apre sa: “Si w ta renmen konn repons lan, m ap byen kontan ofri w peryodik sa a e nou ka pale plis sou sijè a lè w gen tan.” Petèt, gen kèk pwoklamatè ki ta renmen montre moun yo rankontre a do Toudegad la pou yo kòmanse yon konvèsasyon epi envite moun nan chwazi yon kesyon ki enterese l. Ansuit, yo ka montre l ki kote repons lan ye e yo ka li yon vèsè avè l, yon vèsè yo te chwazi alavans. Petèt, ou ka reflechi sou lòt fason ou ka sèvi ak do Toudegad la pou w wè ki jan ou ka eveye enterè moun yo.