“Kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo nan mwa...”
Chak mwa, nan reyinyon sèvis la, gen yon patisipasyon sou fason pou nou ofri peryodik yo. Yo pa fè patisipasyon sa a pou frè a fè yon revizyon sou atik ki te parèt nan peryodik yo. Okontrè, yo fè l pou l egzamine kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo. Se sa k fè, jan sa parèt nan enstriksyon yo bay la, frè k ap fè patisipasyon sa a, ap fè yon entwodiksyon tou kout pou l ka eveye enterè moun yo pou peryodik yo. Apre sa, l ap mande pwoklamatè yo pou yo bay kèk sijesyon sou yon atik (oswa yon seri atik) e l ap fè sa youn apre lòt. Konsa, tout moun ap ka suiv e y ap ka pran nòt sou sijesyon yo ta renmen itilize yo. Olye pou l envite moun nan oditwa a pou yo fè yon prezantasyon nèt, l ap mande yo pito pou yo fè kèk kòmantè sou kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun yo ak vèsè yo ka li nan yon prezantasyon. Pou fini, li envite moun nan oditwa a pou yo suiv yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik. Nou ankouraje nou tout pou nou li peryodik yo anvan nou vin nan reyinyon an e pou nou prepare pou nou bay sijesyon pa nou. Si tout moun byen prepare, patisipasyon sa a pral ede nou youn ankouraje lòt. — Pwo. 27:17.