Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye desanm
“Èske w pa dakò byen souvan bagay yo konn pi difisil pou paran k ap leve pitit yo poukont yo? [Kite moun nan reponn.] Bib la ankouraje nou pou nou montre konsiderasyon pou moun ki gen difikilte yo. [Li Sòm 41:1.] Atik ki kòmanse nan paj 22 a esplike sa nou ka fè pou nou montre konsiderasyon pou paran k ap leve pitit yo poukont yo.”
Réveillez-vous! Desanm
“Gen anpil moun ki mande tèt yo ‘si Bondye egziste poukisa li pa detwi Dyab la?’ Èske w konn poze tèt ou kesyon sa a? [Kite moun nan reponn.] Atik ki nan paj 10 ak paj 11 lan montre repons Bib la bay pou kesyon sa a. Anplis de sa, li esplike ak ki sa monn nan ap sanble lè Dyab la pa la ankò.” Li Revelasyon 12:3, 4.
La Tour de Garde 1ye janvye
“Gen anpil moun ki kwè afè jaden Edenn nan se yon lejann, sa pa t egziste vre. Èske sa t ap fè w sezi si w ta aprann Jezi te pale de Adan e Èv kòm de moun ki te egziste toutbon? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Matye 19:4-6.] Peryodik sa a reponn kèk kesyon kouran moun yo konn poze sou jaden Edenn.”
Réveillez-vous! Janvye
Montre moun nan kesyon ki sou kouvèti peryodik la epi mande l: “Ki repons ou ta bay pou kesyon sa a? [Kite moun nan reponn.] Bib la ankouraje moun pou yo renmen lapè. [Li Jak 3:17.] Bon, si se konsa, poukisa relijyon yo pa rive ini limanite? Èske relijyon yo ap janm vin yon fòs pou lapè? Peryodik sa a bay detay sou repons kesyon sa yo.”