BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/11 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 2/11 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye fevriye

“Èske w panse li vrèman posib pou nou konnen ki kalite moun Bondye ye? [Kite moun nan reponn.] Mwen gen yon repons enteresan pou kesyon sa a.” Li repons yo bay pou dezyèm kesyon ki nan paj 16 la ak moun nan epi fè yon ti pale sou sijè a avè l. Apre sa, li youn nan vèsè yo bay kòm referans yo ansanm ak li. Ofri moun nan peryodik yo. Epi pran randevou pou nou retounen vin egzamine twazyèm kesyon an ak li.

Réveillez-vous! Fevriye

“Etandone Bib la se yon liv ki la lontan, gen moun ki panse li pa egzak nan domèn syantifik. E ou menm ki opinyon w sou sijè sa a? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun sezi lè yo aprann Bib la te gentan di pawòl nou pral li la a. [Li Izayi 40:22.] Atik ki kòmanse nan paj 22 a bay repons pou kesyon sa a: Èske Bib la ann akò ak lasyans?”

La Tour de Garde 1ye mas

“Tout moun konn Temwen Jewova yo pou travay predikasyon y ap fè a. Èske w pa janm mande tèt ou poukisa y ap fè travay sa a? [Kite moun nan reponn.] Gade yon pawòl Jezi te di nan vèsè sa a. [Li Matye 24:14.] Peryodik sa a bay repons pou kesyon sa yo: Ki bon nouvèl sa a? Ki sa Wayòm nan ye? Epi lafen k ap vini an, se lafen ki sa?”

Réveillez-vous! Mas

“Piske gen anpil moun k ap lite ak maladi yo genyen, nou t ap montre tout moun nou rankontre vèsè ankourajan sa a nou jwenn nan Bib la. [Li Izayi 33:24.] Men, lè pawòl sa yo reyalize, ki jan w panse lavi ap ye k ap fè l diferan ak jan l ye jodi a? [Kite moun nan reponn.] Annatandan Bondye pote chanjman sa a pou nou, gen kèk bagay nou tout ka fè pou nou amelyore sante nou. Peryodik sa a esplike sa pou nou fè.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje