BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/13 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 1/13 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa fevriye a

“Gen anpil moun ki panse se Dyab la ki lakòz tout bagay mal k ap pase nan monn nan. Men y ap mande tèt yo: ‘Ki kote Dyab la soti? Èske se Bondye ki kreye l?’ E ou menm sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Gade sa nou li nan peryodik sa a.” Montre moun nan do Toudegad 1ye fevriye a, egzamine premye paragraf la avè l epi li vèsè yo bay kòm referans lan. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.

Toudegad 1ye fevriye

“Gen yon moun ni Kretyen ni Juif ni Mizilman respekte, mwen ta renmen konnen sa w panse de li. Moun sa a se Moyiz. Ki premye bagay ki pase nan tèt ou lè w tande yo site non l? [Kite moun nan reponn.] Li vrèman enteresan pou n wè jan Bib la pale de Moyiz malgre l te konn fè erè. [Li Detewonòm 34:10-12.] Peryodik sa a egzamine twa nan bèl kalite Moyiz te genyen e li montre sa n ka fè pou n imite l.”

Réveillez-vous! Fevriye

“Li kouran jodi a pou moun kite peyi yo pou y al chèche lavi miyò nan lòt peyi. Èske w panse lè moun yo pati bagay yo toujou vin pi bon pou yo vre? [Kite moun nan reponn.] Se pa yon bagay ki fèk parèt lefètke moun kite peyi yo pou y al viv nan lòt peyi. Gade yon egzanp nou jwenn nan premye liv ki nan Bib la. [Li Jenèz 46:5, 6.] Peryodik sa a egzamine kesyon sa yo.” Montre moun nan kesyon ki nan fen paj 6 la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje