Nou pap egzamine tèks pou jounen an ankò nan reyinyon pou predikasyon
Oparavan, lè frè yo t ap fè reyinyon pou predikasyon, yo te konn fè yon konvèsasyon tou kout sou tèks pou jounen an si l te gen rapò ak ministè a. Y ap ajiste dispozisyon sa a. Nou pa dwe itilize bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a ankò lè n ap fè reyinyon pou predikasyon. Menm jan frè yo konn fè anvan, lè yo gen pou dirije reyinyon an, yo ka itilize Bib la, Ministè Wayòm nan, liv École du ministère la, liv Comment raisonner a ak lòt piblikasyon ki gen rapò ak ministè a. Frè yo asiye pou dirije reyinyon an dwe prepare yon sijè ki pratik ki ka ede moun ki pral patisipe nan predikasyon jou sa a. Menm jan sa te ye, tan nou pran pou n fè reyinyon an pa dwe depase 10 a 15 minit. Anplis de sa, si reyinyon pou predikasyon an fèt apre kongregasyon an fin gen reyinyon, tan nou pran pou fè reyinyon pou predikasyon an dwe pi kout.