BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/11 p. 2
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Ede yo pou yo “vin fèm nan lafwa”
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Dezyèm pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Tout kongregasyon an ka ede etidyan yo fè pwogrè pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 4/11 p. 2

Repons kesyon w yo

◼ Pandan konbyen tan nou dwe etidye Labib ak yon moun k ap pwogrese?

Li pi bon pou n kontinye etidye Labib ak yon moun k ap pwogrese jiskaske l fin etidye de piblikasyon sa yo: Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a ak liv “Rete nan lanmou Bondye” a. Nou dwe fè sa, menmsi etidyan an gentan batize anvan l fini de liv yo. Apre moun nan fin batize, nou ka kontinye konte lè a, vizit yo ak etid la. Si yon pwoklamatè akonpaye nou e li patisipe nan etid la, li ka konte lè a tou. — Gade Ministè Wayòm mwa mas 2009 la, paj 2.

Li enpòtan pou nouvo yo gen yon bon baz nan laverite anvan nou lage yo pou yo debouye yo poukont yo. Yo bezwen “anrasinen” nan Kris e yo bezwen ‘lafwa yo vin ogmante anpil’ yon fason pou yo rete fèm devan eprèv yo pral rankontre (Kol. 2:6, 7; 2 Tim. 3:12; 1 Pyè 5:8, 9). Anplis de sa, pou yo anseye lòt moun yon fason ki efikas, yo dwe gen “yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Lè nou etidye de liv ak etidyan nou yo, se ede nou ede yo aprann mache, avèk asirans, sou “wout ki mennen nan lavi a”. — Mat. 7:14.

Anvan ansyen yo dakò pou yon moun batize, yo dwe asire yo moun nan byen konprann ansèyman de baz ki nan Bib la e li viv ann amoni avèk yo. Ansyen yo dwe pridan sitou lè y ap egzamine kesyon ak yon moun ki poko fin etidye premye liv la nèt. Si yon moun pa kalifye pou l batize, ansyen yo bezwen asire yo moun nan resevwa yon èd pèsonèl k ap pèmèt li kalifye pou l batize alavni. — Gade liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah, paj 217-218.

[Antrefilè nan paj 2]

Li enpòtan pou nouvo yo gen yon bon baz nan laverite.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje