BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/11 p. 1
  • Nou pa janm an konje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou pa janm an konje
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Temwayaj kay an kay
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • “ Fè travay yon evanjelizatè ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Poukisa predikasyon kay an kay la enpòtan jodi a ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Temwayaj enfòmèl : yon mwayen pou nou louwe Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 12/11 p. 1

Nou pa janm an konje

1. Kòman nou fè konnen evanjelizatè ki t ap viv nan premye syèk la pa t janm konsidere yo an konje?

1 Evanjelizatè ki t ap viv nan premye syèk la te zele, yo te anonse bon nouvèl la tout kote yo te jwenn moun e yo te fè sa “san rete”. (Tra. 5:42.) Donk, nou pa ta ka imajine lè yo t ap preche kay an kay pou yo ta kite moun k ap pase sou wout yo ale san yo pa preche yo tou. Ni yo pa t ap pa pwofite okazyon yo jwenn pou yo bay temwayaj enfòmèl lè y ap achte nan mache apre yo fin patisipe nan predikasyon. Menm jan ak Jezi, yo pa t janm konsidere yo an konje. — Mak 6:31-34.

2. Pou nou viv ann amoni ak non nou pote a, ki sa sa mande?

2 Se pou nou toujou pare: Non nou pote a, Temwen Jewova, pa annik fè konnen sa nou fè; li fè konnen kiyès nou ye (Iza. 43:10-12). Se sa k fè, nou dwe toujou pare pou nou esplike moun yo rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an, menm lè se pa nan predikasyon kay an kay nou ye (1 Pyè 3:15). Èske nou konn imajine kèk sitiyasyon ki ka pèmèt nou bay temwayaj enfòmèl epi èske nou konn reflechi sou sa nou ka di nan sitiyasyon sa yo? Èske nou toujou mache ak piblikasyon avè nou pou nou ka bay moun ki montre yo enterese nan Bib la (Pwo. 21:5)? Èske se nan predikasyon kay an kay sèlman nou patisipe, oubyen èske nou simaye bon nouvèl la bay moun nan lòt okazyon si sitiyasyon an pèmèt nou fè sa?

3. Poukisa ekspresyon “lòt fason pou nou bay temwayaj si nou vle” a se pa pi bon ekspresyon pou nou pale de aktivite tankou preche nan lari, nan pakin, sou plas piblik, kote ki gen biznis, eksetera?

3 Se pa “lòt fason pou nou bay temwayaj si nou vle”: Lontan, nan kèk peyi, pafwa nou te konn sèvi ak ekspresyon “lòt fason pou nou bay temwayaj si nou vle” lè nou t ap pale de predikasyon nan lari, nan pakin, sou plas piblik, kote ki gen biznis, eksetera. Men, ekspresyon sa a ka fè nou panse aktivite sa yo pa nòmal, yo dwòl oubyen se aktivite nou pa oblije patisipe ladan yo. Apot Pòl te di li te preche ni “an piblik” ni kay an kay (Tra. 20:20). Donk, li pi apwopriye pou nou di “bay temwayaj an piblik” olye nou di “lòt fason pou nou bay temwayaj si nou vle”. Se vre, predikasyon kay an kay la toujou rete prensipal fason pou nou preche moun yo mesaj Wayòm nan e li toujou rete fason ki pi efikas pou nou bay temwayaj. Sepandan, evanjelizatè ki t ap viv nan premye syèk la te enterese nan moun olye yo te enterese nan kay. Yo te pwofite tout okazyon yo jwenn pou yo bay moun yo temwayaj sou laverite. Yo te konn fè sa an piblik, yon fason enfòmèl epi kay an kay. Nou swete pou nou gen menm etadespri ak moun sa yo pou nou ka akonpli sèvis nou nèt. — 2 Tim. 4:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje