Itilize sit wèb nou an pou n anseye pitit nou
1. Poukisa yo fè seksyon ki gen tit “Enfants” an sou sit wèb nou an?
1 Yo fè sit jw.org la yon fason pou l enterese moun tout laj. Seksyon ki gen tit “Enfants” an (ale nan La Bible et vous > Enfants) kapab ede timoun yo ak paran yo vin pi pwòch youn ak lòt e l ap ede yo vin pi pwòch ak Jewova (Det. 6:6, 7). Paran, ki jan nou ka sèvi ak seksyon sa a pou n anseye pitit nou?
2. Ki sa n ka fè pou n chwazi sijè ki apwopriye pou n etidye ak pitit nou selon laj yo?
2 Se pou nou fleksib: Tout timoun pa menm (1 Kor. 13:11). Kidonk, ki sa n ka fè pou n chwazi sijè ki apwopriye pou n etidye ak pitit nou selon laj yo? Mande tèt nou: ‘Ki sijè k ap enterese timoun mwen yo? Ki kantite bagay yo ka konprann? Konbyen tan yo ka rete konsantre?’ Pou timoun ki gen twazan oubyen ki pi piti yo, nou ka pale sou istwa nou jwenn nan seksyon “Comptines bibliques”. Gen lòt fanmi ki renmen istwa ki nan seksyon “Enseignez vos enfants”. Anplis de sa, nou ka egzamine seksyon ki vin apre yo tou.
3. Ki jan paran yo ka byen itilize istwa ak aktivite ki nan seksyon “Pour le culte familial” la?
3 “Pour le culte familial”: Pwojè ki nan seksyon sa a se zouti ki ka ede chèf fanmi yo etidye ak pitit yo. Pou n aprann fason pou n itilize istwa ak aktivite ki nan seksyon sa a, klike sou “Tout voir”, apre sa klike kote yo make “Télécharger” a epi li enfòmasyon yo bay nan “Guide des parents” an pou chak pwojè. Sèvi ak ribrik “Une image, une activite” a pou n anseye timoun ki pi piti yo. Ede timoun ki pi gran yo konplete lòt pati ki nan aktivite n ap fè a. Tout aktivite ki gen nan yon pwojè gen rapò ak menm istwa biblik la oubyen ak menm leson an. Konsa, kèlkeswa laj timoun yo, yo ka patisipe nan menm pwojè fanmi an ap fè pandan adorasyon an.
4. Ki sa paran yo ka jwenn nan seksyon “Deviens l’ami de Jéhovah” a?
4 “Deviens l’ami de Jéhovah”: Videyo, chante ak aktivite ki gen nan seksyon sa a ap ede paran yo grave Pawòl Bondye a nan kè timoun piti yo (Det. 31:12). Chak videyo aprann timoun yo yon leson enpòtan. Aktivite kote yo mande timoun yo pou yo chèche jwèt ki gaye toupatou, apre sa pou yo ranje yo, ap ede timoun yo pi byen konprann leson ki gen nan istwa a. Etandone timoun renmen chante e chante ede timoun sonje sa yo aprann, regilyèman yo mete kèk kantik Wayòm ak kèk kantik yo fè espesyalman pou timoun sou sit la.
5. Poukisa paran yo dwe mande Jewova pou l ede yo anseye pitit yo laverite?
5 Paran, Jewova vle nou reyisi edikasyon pitit nou. Se sa k fè, nou dwe mande Jewova pou l ede nou anseye pitit nou yo laverite (Jij 13:8). Grasa èd Jewova, nou ka fòme pitit nou pou yo vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre grasa lafwa nan Kris Jezi’. — 2 Tim. 3:15; Pwo. 4:1-4.