BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/13 p. 2
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Ki lè yon kretyèn dwe kouvri tèt li, e pou ki rezon?
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Annou fè etid biblik n ap kondui nan papòt ak nan telefòn yo pwogrese
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Kòmanse etid biblik nan papòt kay ak nan telefòn
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 11/13 p. 2

Repons kesyon w yo

◼ Lè yon pwoklamatè fi ap fè etid nan yon papòt kay e gen yon pwoklamatè gason avè l, èske li dwe kouvri tèt li?

Lè yon pwoklamatè fi ap kondui yon etid biblik ki deja etabli e li gen yon pwoklamatè gason avè l, li dwe kouvri tèt li (1 Kor. 11:3-10). Toudegad 15 jiyè 2002, paj 27, fransè, te bay esplikasyon sa a, li te di: “Se yon pwogram ansèyman òganize, kote se moun k ap fè etid la k ap dirije pwogram nan. Nan ka sa a, etid biblik la vin yon pwolonjman kongregasyon an. Si yon sè batize ap kondui yon etid e gen yon frè batize la, sè a dwe kouvri tèt li.” Kèlkeswa kote y ap fè etid la, menm prensip la valab, kit se nan yon kay, nan yon papòt kay oubyen nenpòt lòt kote.

Yon lòt bò, si etid biblik la poko etabli, pwoklamatè fi a pa bezwen kouvri tèt li si gen yon pwoklamatè gason ansanm avè l, menmsi rezon ki fè l ap fè vizit la se pou l montre moun nan fason nou fè etid oubyen pou l egzamine yon sijè nan yon piblikasyon nou itilize pou n fè etid ak moun. Etandone byen souvan se apre yon bon valè nouvèl vizit yon pwoklamatè konsidere yon etid biblik l ap fè nan yon papòt kay kòm yon etid ki etabli, li bezwen egzamine chak sitiyasyon e li bezwen rezonab lè l ap detèmine nan ki moman li dwe kouvri tèt li.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje