BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/14 p. 2-3
  • “Rasanble tout pèp la”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Rasanble tout pèp la”
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Koute epi aprann
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Yon okazyon pou nou nouri nou espirityèlman e pou nou rejwi
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Nan kongrè distri yo, yo bay yon gwo temwayaj sou laverite
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • “ Pawòl pwofetik Bondye a ” : Kongrè distri 1999
    Ministè Wayòm nan — 1999
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 4/14 p. 2-3

“Rasanble tout pèp la”

1. Ki resanblans kongrè distri ak kongrè entènasyonal yo genyen ak kokennchenn rasanbleman Izrayelit yo te fè yon ti tan apre yo te fin kite peyi Ejip la?

1 Yon ti tan apre pèp Izrayèl la te fin kite peyi Ejip, Jewova te bay Moyiz lòd pou l “rasanble tout pèp la” sou mòn Sinayi pou yo ka koute Pawòl Jewova a yon fason pou yo ka gen lakrentif pou li e pou yo ka ede pitit yo konnen enstriksyon Jewova yo (Det. 4:10-13). Izrayelit yo dwe pa t janm bliye bèl moman sa a ki te fè lafwa yo vin pi djanm! Pandan kèk mwa ki pral vini yo, pèp Jewova pral gen pou yo rasanble nan kongrè distri ak kongrè entènasyonal yo pou yo koute enstriksyon Jewova yo. Ki sa n dwe fè pou n byen pwofite kongrè sa yo?

2. Ki sa n dwe fè ‘pou nou pare’ pou kongrè distri nou an?

2 ‘Se pou nou pare’: Jewova te bay Izrayelit yo lòd “pou yo pare” pou rasanbleman sa a ki te fèt sou mòn Sinayi a, yon rasanbleman pèp Bondye a pa t ap janm bliye (Egz. 19:10, 11). Se pa sèlman moun ki pral patisipe nan pwogram kongrè yo ki dwe fè bonjan preparasyon, men, se tout moun ki pral asiste yo ki dwe fè bonjan preparasyon. Pa egzanp, anpil moun pral bezwen mande konje oswa pran konje nan travay yo. Petèt sitiyasyon w lan sanble ak sitiyasyon Neyemya a. Li te vle kite travay li te genyen antanke moun ki t ap sèvi wa Atakzèksès bwason an, pou l al Jerizalèm pou bay kout men pa l nan rebati miray yo. Men, li te konnen wa a te ka pa dakò. Neyemya te fè yon priyè, epi, apre sa, li te met kouraj sou li, li byen prepare sa l t apral mande wa a. Wa a te ba l otorizasyon pou l ale, e l te menm ba l sa l te bezwen pou l konstwi miray la (Ney. 2:1-9). Anplis de mande patwon w konje pou w al asiste kongrè a, èske w fè aranjman pou vwayaj ou ak lojman w? Ansyen yo ap byen kontan ede kèlkeswa moun ki ta kapab bezwen èd. Fè aranjman pou w rive byen bonè pou chak sesyon, epi pou w pare pou w bay sa w pral tande yo “plis atansyon pase sa [w] abitye bay”. — Ebre 2:1.

3. Ki sa k pral ede n prepare kè nou pou kongrè a?

3 Yon lòt aspè ki gen nan preparasyon n ap fè a se prepare kè nou yon fason pou n ka koute epi aprann (Ezra 7:10). Y ap gentan mete pwogram kongrè a sou sit wèb jw.org la. Nan pwogram nan n ap jwenn tit diskou yo ansanm ak youn oswa de vèsè kle pou chak diskou sa yo. Sa ap pèmèt nou jwenn bonjan sijè pou n egzamine nan sware adorasyon an fanmi n ap fè nan semèn ki vin anvan kongrè distri pa nou an. Gen kèk pwoklamatè k ap enprime pwogram nan epi k ap itilize l pou yo pran nòt tou kout pandan kongrè a.

4. Ki fason paran yo ka sèvi ak kongrè a pou yo anseye pitit yo?

4 ‘Anseye pitit ou’: Youn nan rezon ki fè Jewova te rasanble Izrayelit yo sou mòn Sinayi a, se pou paran yo te ka “anseye pitit yo”. (Det. 4:10.) Kongrè a ap fè paran yo jwenn yon bon posiblite pou yo fè menm bagay la tou. Paran yo dwe fè pitit yo chita bò kote yo pandan sesyon yo epi, yo dwe ede yo pou yo koute. Fanmi yo ka fè ti pale sou pwogram nan ansanm nan fen chak jounen kongrè, epi, pandan adorasyon an fanmi an.

5. Ki byenfè kongrè k ap vini an ap fè n jwenn?

5 Kokennchenn kongrè ki te fèt sou mòn Sinayi a te ede Izrayelit yo pou yo apresye bèl privilèj yo te genyen pou yo se pèp Bondye (Det. 4:7, 8). Yo fè pwogram kongrè k ap vini an pou ede n jwenn byenfè menm jan an tou. Pandan twa jou, nou pral gen posiblite pou n kanpe lwen monn Satan an, ki tankou yon gwo dezè, pou n jwenn rekonfò nan domèn espirityèl epi pou n ranfòse lyen nou genyen nan paradi espirityèl nou an (Iza. 35:7-9). Etandone jou Jewova a pa lwen rive, ann fè tout sa n kapab pou n pa rate bèl okazyon sa a nou genyen pou n rasanble ansanm yon fason pou youn ankouraje lòt! — Ebre 10:24, 25.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje