Repons kesyon w yo
◼ Ki sa yon timoun bezwen aprann dekwa pou l fè pwogrè nan domèn espirityèl?
Paran yo ki kretyen fè anpil efò pou yo leve pitit yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay”. (Efe. 6:4.) Pa egzanp, gen paran ki wè, lè yo egzamine tèks pou jounen an ansanm ak pitit yo chak maten, sa pote anpil byenfè. Nan adorasyon an fanmi oswa nan kèk lòt okazyon ankò, fanmi yo ka gade yon videyo ansanm epi yo kapab pale sou videyo sa a. Anplis de sa, yo ka pale sou yon sijè byen presi ki soti nan ribrik ki gen tit Les jeunes s’interrogent la, yo ka jwe yon istwa ki soti nan Bib la, oswa yo ka fè kèk seyans repetisyon sou yon sitiyasyon. Sepandan, pou timoun yo ka “vin gen matirite”, yo dwe aprann verite pwofon ki nan Bib la. — Ebre 6:1.
Fè yon ti reflechi ak sa nou fè pou nou anseye moun nou rankontre nan tèritwa a. An jeneral, premye fwa nou pale ak yon moun nan tèritwa a, oswa premye fwa nou retounen vizite l, objektif nou se kòmanse yon etid avè l nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Apre nou fin etidye liv sa a ak moun yo, nou sèvi ak liv “Rete nan lanmou Bondye” a. Poukisa nou fè sa? Liv Sa Labib anseye a ede etidyan yo vin konnen sa Labib anseye. Liv “Lanmou Bondye” a anseye yo fason pou yo aplike prensip ki nan Bib la nan lavi yo chak jou. Donk, lè nou egzamine de piblikasyon sa yo ak nouvo yo, sa ede yo vin “anrasinen” nan Kris epi sa ede yo “vin fèm nan lafwa”. (Kol. 2:6, 7.) Èske piblikasyon sa yo pa t ap bon pou pitit nou yo tou? Yo menm tou yo bezwen aprann konnen sa ranson an ye, sa Wayòm nan ye, ak sa k rive moun lè yo mouri. Yo bezwen konnen pou ki rezon Bondye pèmèt moun soufri ak fason pou yo idantifye dènye jou sistèm n ap viv la. Yo bezwen kwè toutbon Temwen Jewova yo gen laverite. Anplis de sa, jèn yo bezwen konprann prensip ki nan Bib la e yo bezwen aprann kòman pou yo antrene “kapasite yo genyen pou yo konprann nan”. (Ebre 5:14.) Natirèlman, paran yo dwe pran laj pitit yo ak kapasite yo an konsiderasyon. Sepandan, gen anpil timoun ki gen kapasite pou yo kòmanse aprann verite pwofon ki nan Bib la, menm lè yo toupiti. — Lik 2:42, 46, 47.
Pou ede paran yo, yo pral mete sou sit jw.org la kèk sijè pou ede nou etidye Bib la k ap baze sou liv Sa Labib anseye a. Fanmi yo ap ka jwenn sijè sa yo lè yo klike sou LA BIBLE ET VOUS > ADOLESCENTS ki sou sit wèb nou an. Pi devan, yo pral ajoute lòt sijè pou ede nou etidye Bib la k ap baze sou liv “Lanmou Bondye” a. Natirèlman, ou ka toujou sèvi ak liv yo enprime yo. Paran yo ka deside si y ap sèvi ak enfòmasyon sa yo pandan sware adorasyon an fanmi an oswa lè y ap etidye Labib ak youn nan pitit yo oswa lè y ap montre pitit yo fason pou pitit yo fè etid pèsonèl.