BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/14 p. 2
  • Ki jan Jewova wè m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan Jewova wè m?
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Sèvi ak Bib la tankou yon glas
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Kenbe “ lanmou w te genyen okòmansman an ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Sèt etap pou w tire pwofi nan lekti Labib ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Fason pou n kontinye demontre lespri sakrifis
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 7/14 p. 2

Ki jan Jewova wè m?

1. Nan ki sans Bib la tankou yon glas?

1 Konbyen fwa ou gad nan glas? Anpil nan nou fè sa chak jou paske sa ede nou wè kèk detay nan aparans fizik nou ki merite korije. Yo konpare Bib la ak yon glas. Lè nou li Pawòl Bondye a, sa pèmèt nou wè moun nou ye pa anndan an, moun Jewova wè a (1 Sam. 16:7; Jak 1:22-24). Pawòl Bondye a ka “disène panse ak entansyon ki nan kè yon moun”. (Ebre 4:12.) Lè nou li Labib chak jou e nou medite sou li, nan ki sans sa ka ede nou wè nan ki domèn nou bezwen travay pou n ka vin yon pwoklamatè ki pi efikas. — Sòm 1:1-3.

2. Kòman Bib la ka ede nou egzamine tèt nou?

2 Sèvi ak Bib la tankou se te yon glas: Istwa nou jwenn nan Bib la konsènan sèvitè fidèl Jewova yo aprann nou ki kalite Jewova bay anpil valè. Pa egzanp, David te montre li zele pou non Bondye (1 Sam. 17:45, 46). Izayi te demontre li gen anpil kouraj lefètke li te dispoze preche nan yon tèritwa ki pa t fasil (Iza. 6:8, 9). Etandone Jezi te gen gwo lanmou pou Papa l ki nan syèl la, li te pran plezi nan travay predikasyon an, e travay sa a pa t yon chay ki lou pou li (Jan 4:34). Kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo te zele nan travay predikasyon an, yo te konte sou Jewova e yo te detèmine pou yo pa t bay legen (Tra. 5:41, 42; 2 Kor. 4:1; 2 Tim. 4:17). Lè nou medite sou egzanp sa yo, sa ka ede nou egzamine tèt nou pou nou wè kòman nou ka amelyore kalite sèvis n ap bay Jewova a.

3. Poukisa nou pa dwe pran tan pou nou fè chanjman ki nesesè yo?

3 Aji pou n korije defo n yo: Natirèlman, li pa t ap bon pou n gade nan yon glas epi pou n fèmen je nou sou yon bagay ki merite korije. Nou ka mande Jewova pou l ede n wè moun nou ye pa anndan an e pou l ede n fè chanjman ki nesesè yo (Sòm 139:23, 24; Lik 11:13). Etandone tan ki rete a ap vin pi kout e lavi pa nou ak lavi lòt moun an danje, nou pa ka di n a gentan fè chanjman ki nesesè yo. — 1 Kor. 7:29; 1 Tim. 4:16.

4. Ki sa k ap rive yon moun ki gade nan Pawòl Bondye a e ki fè chanjman ki nesesè yo?

4 Moun nou ye pa anndan an, sa vle di moun Jewova bay anpil valè a, pi enpòtan lontan pase moun nou ye pa deyò a (1 Pyè 3:3, 4). Ki sa k rive yon moun ki gade nan Pawòl Bondye a e ki aji ann amoni ak sa l wè ladan l? Li “pa yon moun ki tande pou l bliye, men li se yon moun k ap fè travay la”, e sa ap fè l kontan (Jak 1:25). Vrèmanvre, n ap gen kè kontan e n ap vin pwoklamatè ki pi efikas paske n ap “reflete glwa Jewova tankou glas”. — 2 Kor. 3:18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje