SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE
Sèvi ak Bib la tankou yon glas
Disip Jak te konpare Bib la ak yon glas ki pèmèt nou wè moun nou ye pa anndan an (Jak 1:22-25). Ki jan nou ka byen sèvi ak Bib la tankou yon glas?
Pran san w pou w li l. Si nou annik gade tèt nou nan yon glas, nou ka pa wè si n gen yon bagay ki pa byen ranje sou nou. Pou n ka wè kèk aspè nan pèsonalite n ki bezwen amelyore, nou bezwen pran tan pou n gade nan Pawòl Bondye a lè n pran san n pou n li l.
Plis gade tèt ou olye w gade lòt moun. Pafwa lè n ap gade nan yon glas nou ka wè yon lòt moun parèt nan glas la tou e n ka konsantre sou sa ki pa bon nan fason moun nan ye. Menm jan an tou, nou ta ka sèvi ak Bib la pou n chèche defo lakay lòt moun. Men, sa pa t ap ede n korije pwòp defo pa nou.
Montre w rezonab. Si n ap gad nan yon glas e n ret konsantre sou bagay nou wè nou pa renmen, nou ka vin dekouraje. Nou bezwen rezonab lè n ap li Pawòl Bondye a pou n pa atann plis pase sa Jewova vle n fè. — Jak 3:17.