Kèk modèl prezantasyon
Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a?
Kenbe feyè a yon fason pou moun nan ka wè tit la, epi di l: “Bonjou, n ap patisipe nan yon kanpay k ap fèt sou tout tè a pou fè moun yo jwenn yon mesaj enpòtan ki nan feyè sa a. Feyè sa a se pou ou.”
Si w ap kite feyè a nan yon kay ou pa jwenn moun ladan l, mete l yon kote moun k ap pase yo pap wè l, epi si posib, pa pliye feyè a plizyè fwa.
Si moun k ap koute nou an montre li enterese oswa li vle kontinye pale, ou ka mande moun nan chwazi repons li t ap bay pou kesyon ki sou feyè a. Ouvri feyè a epi montre l sa Sòm 119:144, 160 di. Fè l konnen feyè sa a gen enfòmasyon sou yon sit Entènèt ki ka ede l jwenn bonjan repons Bib la bay pou kesyon moun konn ap poze tèt yo. Petèt, ou ka montre l videyo ki gen tit Poukisa nou dwe etidye Labib? la. Anvan w kite moun nan, montre l twa kesyon ki sou do feyè a, epi mande l kiyès nan kesyon sa yo ki plis enterese l. Fè moun nan konnen ou ta renmen retounen pou w montre l fason li ka sèvi ak sit jw.org la pou l jwenn repons Bib la bay pou kesyon li chwazi a. Lè w retounen vizite moun nan, al sou LA BIBLE ET VOUS > QUESTIONS BIBLIQUES pou w ka egzamine repons lan avè l.
Si w ap distribye envitasyon pou kongrè rejyonal ou a tou, bay moun nan feyè a ansanm ak fich envitasyon an, epi di l: “Anplis de sa, n ap kite pou ou yon envitasyon pou yon bèl pwogram ki gen pou fèt pi devan.”
Toudegad 1ye out
Lè n ap preche nan wikenn, lè sa apwopriye pou nou ofri peryodik Toudegad la, nou ka di: “Nou ta renmen ofri w nouvo peryodik nou yo tou. Toudegad sa a bay repons pou kesyon sa a: Èske Bondye enterese nan ou?”
Réveillez-vous! Out
Lè n ap preche nan wikenn, lè sa apwopriye pou nou ofri peryodik Réveillez-vous! a, nou ka di: “Nou ta renmen ofri w nouvo peryodik nou yo tou. Réveillez-vous! sa a bay repons pou kesyon sa a: Ki sa lèzòm ka fè pou yo fè lapè?”